Lik 9:18-36

Lik 9:18-36 HAT98

Yon jou, Jezi te pou kont li, li t'ap lapriyè. Disip li yo vin jwenn li, li mande yo: — Ki moun yo di mwen ye? Yo reponn li: — Gen moun ki di ou se Jan Batis! Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se yonn nan ansyen pwofèt yo ki leve pami mò yo. Li mande yo: — Bon, nou menm menm, ki moun nou di mwen ye? Pyè reponn li: — Ou se Kris la, moun Bondye chwazi pou voye a. Jezi pase yo lòd sevè pou yo pa di pèsonn sa. Apre sa, li di yo: — Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou m'ap leve sòti vivan nan lanmò. Epi li di yo tout: — Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou li pote kwa li chak jou, epi swiv mwen. Paske, moun ki ta vle sove lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen, l'a sove li. Kisa sa ta sèvi yon moun pou l ta genyen lemonn antye, si l pèdi nanm li, ou si l detwi lavi li? Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen nan tout pouvwa m ak tout bèl pouvwa Papa m, nan mitan lame zanj li yo, m'a wont pran li pou moun pa m tou. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nan moun ki la kounyeya, gen ladan yo ki p'ap mouri san yo pa wè gouvènman Bondye a. Wit jou konsa, apre li te fin di pawòl sa yo, Jezi pran Pyè, Jan ak Jak. Li moute sou yon mòn pou l'al lapriyè. Antan li t'ap lapriyè, figi l pran chanje, rad li vin klere tou blan. Te gen dezòm ki t'ap pale ak Jezi: se te Moyiz ak Eli, ki te parèt nan mitan yon bèl limyè ki sòti nan syèl la. Yo t'ap pale avèk li sou jan li ta pral mouri lavil Jerizalèm pou l te ka akonpli misyon li. Yon bon dòmi te gentan vòlè Pyè ak kanmarad li yo. Men, lè yo leve, yo wè bèl limyè ki te vlope Jezi ansanm ak de mesye ki te bò kote l yo. Antan mesye yo ta pral kite Jezi, Pyè di li: — Mèt, sa bon nèt wi pou nou isit la. Annou moute twa tant: yonn pou ou, yonn pou Moyiz, yonn pou Eli. Li pa te konnen sa li t'ap di. Pandan li t'ap pale konsa, yon nyaj vin kouvri yo ak lonbray li. Lè disip yo wè nyaj la ap vin sou yo, yo te pè. Lè sa a, yo tande yon vwa ki sòti nan nyaj la ki di: — Moun sa a se pitit mwen, moun mwen chwazi a. Koute li! Apre vwa a fin pale, Jezi te pou kont li ankò. Disip yo te fèmen bouch yo sou sa. Lè sa a, yo pat rakonte pèsonn sa yo te wè.

Video for Lik 9:18-36

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Lik 9:18-36