Lè apòt yo tounen, yo rakonte Jezi tou sa yo te fè. Li pran yo avèk li, yo pati ansanm pou kont yo pou lavil Betsayda. Men, lè foul moun yo vin konn sa, yo pati dèyè li. Jezi resevwa yo, li pale yo sou peyi kote Bondye Wa a, li geri tout moun ki te malad. Lè solèy konmanse kouche, douz disip yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: — Voye moun yo ale pou yo ka achte manje, pou yo jwenn kote pou yo dòmi nan bouk yo ak nan vwazinay la. Paske isit la nou nan mitan yon dezè. Jezi di yo: — Poukisa nou pa ba yo manje pito! Men, yo reponn: — Nou gen senk pen ak de pwason sèlman. Ou ta vle pou n'al achte manje pou n bay tout pèp sa a? (Te gen senkmil (5.000) gason konsa.) Jezi di disip li yo: — Fè yo chita pa ranje senkant konsa. Disip yo koute l, yo fè tout moun chita. Jezi pran senk pen ak de pwason yo, li leve je li nan syèl, li rann gras sou manje a. Apre sa, li separe li, li renmèt disip yo pou mache distribye bay foul la. Tout moun manje vant plen. Lèfini, disip yo ranmase douz panyen plen moso ki te rete.
Li Lik 9
Koute Lik 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 9:10-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo