Se poutèt sa mwen pat kwè m ase bon pou m te vin jwenn ou, mwen menm. Annik di yon mo, domestik mwen an va geri. Mwen menm, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m di yonn: Ale! l ale. Lè m di yon lòt: Vini! li vini. Lè m di domestik mwen an: Fè sa! li fè li. Lè Jezi tande pawòl sa yo, li vin gen yon gwo admirasyon pou kaptenn lan. Li vire bò foul moun ki t'ap swiv li a, li di yo: — M'ap di nou sa: Mwen poko janm jwenn yon moun ki gen konfyans nan Bondye konsa, pa menm nan pèp Izrayèl la.
Li Lik 7
Koute Lik 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 7:7-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo