Epi li vire bò fanm lan, li di Simon: — Ou wè fanm sa a? Mwen antre lakay ou, ou pa menm ban m dlo pou m lave pye m. Men li menm, li lave pye m ak dlo ki sòti nan je l. Apre sa, li siye yo ak cheve li. Ou pa te ban m' akolad lè mwen rive lakay ou. Men li menm, depi m'antre la a, se bo l'ap bo pye mwen. Ou pa vide lwil sou tèt mwen. Men li menm, li vide odè sou pye mwen. Se poutèt sa, mwen di ou: li fè tout bagay sa yo pou moutre jan li renmen anpil, paske yo padonnen li anpil peche. Men, yon moun yo padonnen yon ti kras, se yon ti kras l'ap moutre jan l renmen tou. Apre sa, Jezi di fanm lan: — Peche ou yo padonnen. Moun ki te chita bò tab la avèk li yo pran di nan kè yo: — Ki moun nonm sa a ye menm pou li padonnen peche? Men Jezi di fanm lan: — Se konfyans ou nan Bondye ki sove ou. Ale ak kè poze.
Li Lik 7
Koute Lik 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 7:44-50
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo