Epi li di yo yon lòt parabòl: — Eske yon avèg ka mennen yon lòt avèg? Eske tou de p'ap tonbe nan menm twou a? Yon elèv pa pifò pase mèt li. Men yon elèv ki fini nèt, l'ap fò tankou mèt li. — Poukisa w'ap gade ti pay ki nan je frè ou, epi ou pa wè gwo bout bwa a ki nan je pa ou la? Ou menm ki pa wè gwo bout bwa ki nan je pa ou la, ki jan ou kapab di frè ou: Frè m, kite m wete ti pay ki nan je ou la? Ipokrit! Wete gwo bout bwa ki nan je pa ou la anvan. Apre sa, w'a wè klè pou ou wete pay ki nan je frè ou la. — Yon bon pyebwa pa bay move donn, ni yon move pyebwa pa bay bon donn. Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou donn li bay. Joumou pa donnen kalbas. Ni kenèp pa donnen rezen. — Yon nonm ki bon, se bon bagay li rale sòti nan kè li ki bon. Yon nonm ki mechan, se move bagay li rale sòti nan kè li ki move. Paske, sa k nan kè yon nonm, se sa k sòti nan bouch li.
Li Lik 6
Koute Lik 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 6:39-45
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo