Lik 6:17-27

Lik 6:17-27 HAT98

Li desann ti mòn lan ak yo, li rete sou yon ti platon. Te gen anpil nan disip li yo ki te sanble la ak yon gwo mas pèp. Moun yo te sòti toupatou. Te gen moun Jide, moun lavil Jerizalèm, ak moun nan lavil Tir ak lavil Sidon ki bò lanme a. Yo te vin tande l, yo t'ap mande l geri malad yo tou. Moun ki te gen move lespri ap toumante yo te geri tou. Tout moun t'ap chache manyen l, paske te gen yon fòs ki t'ap sòti nan Jezi ki t'ap geri yo tout. Lè sa a, Jezi gade disip li yo, li di yo: Benediksyon pou nou menm ki pòv, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou nou li ye. Benediksyon pou nou menm ki grangou kounyeya, paske n'a jwenn manje an kantite. Benediksyon pou nou menm k'ap kriye kounyeya, paske nou pral nan kè kontan. — Benediksyon pou nou si lèzòm rayi nou, si yo pa vle wè nou, si yo joure nou, si yo meprize nou tankou move moun, poutèt mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a. Fè kè n kontan lè sa va rive. Nou mèt kontan nèt paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa zansèt nou yo te maltrete pwofèt yo. Men, malè pou nou, nou menm moun rich yo, paske nou deja jwenn sa nou t'ap chache a. Malè pou nou, nou menm ki gen tout bagay an kantite kounyeya, paske nou pral grangou pou n mouri. Malè pou nou, nou menm k'ap ri kounyeya, paske nou pral nan lapenn, se pa ti kriye n'a kriye. — Malè pou nou lè tout moun ap di se bon moun nou ye, paske se konsa zansèt nou yo te aji ak fo pwofèt yo. — Nou menm k'ap koute m la a, men sa m'ap di nou: Renmen tout lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou.

Video for Lik 6:17-27