Gen kèk moun ki di Jezi konsa: — Patizan Jan Batis yo ak patizan farizyen yo fè jèn souvan, se tout tan y'ap lapriyè. Men disip pa ou yo, tout tan se manje, se bwè. Jezi reponn yo: — Eske nou ka fòse zanmi yon nonm k'ap marye pou yo rete san manje tout tan li la avèk yo? Non. Men, lè lè a rive pou nonm k'ap marye a pa avèk yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn. Epi li di yo parabòl sa a: — Pèsonn p'ap chire yon moso nan yon rad nèf pou pyese yon vye rad. Si ou fè sa, ou chire rad nèf la, lèfini moso twal nèf la pa ale ak vye rad la nonplis. Konsa tou, pesonn p'ap pran diven fèk fèt pou bouche li nan vye boutèy ki sèvi deja. Si ou fè sa, diven an ap pete vye boutèy la, epi w'ap pèdi ni diven an, ni boutèy la. Men diven nèf dwe ale nan boutèy nèf. Yon moun ki fin bwè diven ki la lontan p'ap vle bwè diven ki fenk fèt. Se sa pawòl la di: Pi vye pi bon.
Li Lik 5
Koute Lik 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 5:33-39
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo