Apre sa, Jezi sòti, li wè yon pèseptè kontribisyon yo te rele Levi. Li te chita devan biwo travay li. Jezi di l konsa: — Swiv mwen. Levi annik leve, li kite tout bagay, li swiv Jezi. Apre sa, Levi fè yon gwo resèpsyon lakay li pou Jezi. Te gen anpil pèseptè kontribisyon ansanm ak lòt moun ankò ki te chita bò tab la avèk yo. Farizyen yo ak dirèktè lalwa ki te fè gwoup ak yo t'ap babye, yo di disip Jezi yo: — Poukisa n'ap plede manje, n'ap plede bwè konsa ak pèseptè kontribisyon ansanm ak lòt moun k'ap fè sa ki mal? Jezi reponn yo: — Lè yon moun ansante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè. Enben, mwen pa vin rele moun ki konprann yo bon devan Bondye, men moun ki konnen se pechè yo ye dekwa pou yo ka tounen vin jwenn Bondye.
Li Lik 5
Koute Lik 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 5:27-32
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo