Lik 5:17-39

Lik 5:17-39 HAT98

Yon jou, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay. Kèk farizyen ak kèk dirèktè lalwa te chita la. Yo te sòti nan tout bouk Galile yo, nan bouk Jide yo ak nan lavil Jerizalèm. Pouvwa Bondye te avèk Jezi, li t'ap geri malad yo. Se konsa, kèk moun vin ap pote yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Yo t'ap chache fè l antre nan kay la pou mete l devan Jezi. Men akòz foul moun yo, yo pa te jwenn plas pou fè li antre. Lè yo wè sa, yo moute sou do kay la, yo fè yon gwo twou, yo file malad la desann ak tout kabann li nan mitan moun yo, dwat devan Jezi. Jezi wè jan yo te kwè nan li, li di nonm malad la: — Monchè, tout peche ou yo padonnen. Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo t'ap di nan kè yo: — Kilès nonm sa a k'ap pale mal sou Bondye konsa? Pa gen lòt moun sou latè ki ka padonnen peche, esepte Bondye sèlman. Jezi menm te konnen sa k t'ap pase nan tèt yo, li di yo konsa: — Poukisa n'ap fè lide konsa nan tèt nou? Kisa k pi fasil pou m di: Peche ou yo padonnen osinon: Leve kanpe, mache. Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m padonnen peche tande. Apre sa, Jezi di nonm paralize a: — Se mwen menm k'ap pale avè ou: Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou. Menm lè a, nonm lan kanpe devan tout moun, li ranmase kabann li, li pran wout lakay li pandan li t'ap rele: Beniswa Letènèl, byen fò. Tout moun te pran gwo sezisman, epi yo t'ap di: Beniswa Letènèl tou. Men yo te pè anpil, epi yo t'ap di: — Ala bèl mèvèy nou wè jòdi a! Apre sa, Jezi sòti, li wè yon pèseptè kontribisyon yo te rele Levi. Li te chita devan biwo travay li. Jezi di l konsa: — Swiv mwen. Levi annik leve, li kite tout bagay, li swiv Jezi. Apre sa, Levi fè yon gwo resèpsyon lakay li pou Jezi. Te gen anpil pèseptè kontribisyon ansanm ak lòt moun ankò ki te chita bò tab la avèk yo. Farizyen yo ak dirèktè lalwa ki te fè gwoup ak yo t'ap babye, yo di disip Jezi yo: — Poukisa n'ap plede manje, n'ap plede bwè konsa ak pèseptè kontribisyon ansanm ak lòt moun k'ap fè sa ki mal? Jezi reponn yo: — Lè yon moun ansante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè. Enben, mwen pa vin rele moun ki konprann yo bon devan Bondye, men moun ki konnen se pechè yo ye dekwa pou yo ka tounen vin jwenn Bondye. Gen kèk moun ki di Jezi konsa: — Patizan Jan Batis yo ak patizan farizyen yo fè jèn souvan, se tout tan y'ap lapriyè. Men disip pa ou yo, tout tan se manje, se bwè. Jezi reponn yo: — Eske nou ka fòse zanmi yon nonm k'ap marye pou yo rete san manje tout tan li la avèk yo? Non. Men, lè lè a rive pou nonm k'ap marye a pa avèk yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn. Epi li di yo parabòl sa a: — Pèsonn p'ap chire yon moso nan yon rad nèf pou pyese yon vye rad. Si ou fè sa, ou chire rad nèf la, lèfini moso twal nèf la pa ale ak vye rad la nonplis. Konsa tou, pesonn p'ap pran diven fèk fèt pou bouche li nan vye boutèy ki sèvi deja. Si ou fè sa, diven an ap pete vye boutèy la, epi w'ap pèdi ni diven an, ni boutèy la. Men diven nèf dwe ale nan boutèy nèf. Yon moun ki fin bwè diven ki la lontan p'ap vle bwè diven ki fenk fèt. Se sa pawòl la di: Pi vye pi bon.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an