Yon jou, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay. Kèk farizyen ak kèk dirèktè lalwa te chita la. Yo te sòti nan tout bouk Galile yo, nan bouk Jide yo ak nan lavil Jerizalèm. Pouvwa Bondye te avèk Jezi, li t'ap geri malad yo. Se konsa, kèk moun vin ap pote yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Yo t'ap chache fè l antre nan kay la pou mete l devan Jezi. Men akòz foul moun yo, yo pa te jwenn plas pou fè li antre. Lè yo wè sa, yo moute sou do kay la, yo fè yon gwo twou, yo file malad la desann ak tout kabann li nan mitan moun yo, dwat devan Jezi. Jezi wè jan yo te kwè nan li, li di nonm malad la: — Monchè, tout peche ou yo padonnen.
Li Lik 5
Koute Lik 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 5:17-20
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo