Lik 4:1-15

Lik 4:1-15 HAT98

Jezi tounen sòti bò larivyè Jouden an. Li te anba pouvwa Sentespri. Se konsa Lespri mennen li nan dezè a. Se la Satan vin tante l pandan karant jou. Tout jou sa yo li pat manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, li te grangou. Satan di li konsa: — Si se Pitit Bondye ou ye vre, bay wòch sa a lòd pou li tounen pen. Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Se pa manje sèlman non moun bezwen pou viv. Satan mennen l yon kote ki wo. Yon sèl kou, li moutre l tout peyi ki sou latè. Li di Jezi konsa: — M'ap ba ou tout pouvwa ak tout richès peyi sa yo. Yo renmèt tout bagay sa yo nan men mwen, mwen ka bay moun mwen vle yo. Si ou mete ajenou devan m, tout bagay sa yo pou ou. Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore. Se li menm ase pou ou sèvi. Apre sa, Satan mennen l lavil Jerizalèm, li mete l kanpe sou pwent fetay tanp lan. Li di Jezi konsa: — Si ou se Pitit Bondye, rete isit la lage kò ou anba. Paske, men sa ki ekri: — Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. Y'a pote ou nan men yo pou ou pa kase pye ou sou okenn wòch. Jezi reponn li: — Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou. Apre satan fin tante Jezi tout jan sa yo, li ba li kanpo pou tann lòt okazyon. Jezi te anba pouvwa Sentespri Bondye a. Li tounen, l'ale nan peyi Galile. Nan tout peyi a se tout moun ki t'ap nonmen non li. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Tout moun t'ap fè lwanj pou li.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an