Nan tan sa a, Seza Tibè te gen kenzan depi li te wa. Pons Pilat t'ap kòmande nan peyi Jide. Ewòd menm te chèf nan peyi Galile. Filip, frè Ewòd la, te chèf nan peyi Litoure ak nan rejyon Trakonit. Lizanyas te chèf nan Labilèn. Lè sa a, se Àn ak Kayif ki t'ap sèvi tankou granprèt. Nan menm epòk sa a, Bondye pale ak Jan, pitit Zakari a, ki te nan dezè a. Jan mache nan tout peyi bò larivyè Jouden an. Li t'ap bay mesay sa a: — Tounen vin jwenn Bondye. Vin resevwa batèm: Bondye va padonnen peche nou yo. Se konsa, sa ki te ekri nan Liv ki gen pawòl pwofèt Ezayi a vin rive vre: Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Senyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li. Tout fon gen pou konble. Tout gwo mòn, tout ti mòn gen pou vin plat. Kote ki gen detou gen pou vin dwat. Chemen ki an movèz eta gen pou vin bèl. Tout moun va wè jan Bondye ap delivre nou an.
Li Lik 3
Koute Lik 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 3:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo