Lik 3:1-14

Lik 3:1-14 HAT98

Nan tan sa a, Seza Tibè te gen kenzan depi li te wa. Pons Pilat t'ap kòmande nan peyi Jide. Ewòd menm te chèf nan peyi Galile. Filip, frè Ewòd la, te chèf nan peyi Litoure ak nan rejyon Trakonit. Lizanyas te chèf nan Labilèn. Lè sa a, se Àn ak Kayif ki t'ap sèvi tankou granprèt. Nan menm epòk sa a, Bondye pale ak Jan, pitit Zakari a, ki te nan dezè a. Jan mache nan tout peyi bò larivyè Jouden an. Li t'ap bay mesay sa a: — Tounen vin jwenn Bondye. Vin resevwa batèm: Bondye va padonnen peche nou yo. Se konsa, sa ki te ekri nan Liv ki gen pawòl pwofèt Ezayi a vin rive vre: Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Senyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li. Tout fon gen pou konble. Tout gwo mòn, tout ti mòn gen pou vin plat. Kote ki gen detou gen pou vin dwat. Chemen ki an movèz eta gen pou vin bèl. Tout moun va wè jan Bondye ap delivre nou an. Moun t'ap vin an foul bò kote Jan pou l te batize yo. Lè konsa li di yo: — Bann vèmin! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an? Fè bagay ki pou fè wè nou chanje lavi nou tout bon. Sispann di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye! Paske, mwen pa kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram. Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa, jete nan dife. Foul moun yo mande l konsa: — Kisa pou nou fè menm? Li reponn yo: — Sa ki gen de rad, se pou yo bay sa k pa genyen an yonn. Sa ki gen manje pou manje, se pou l separe l bay yon lòt. Kèk pèseptè kontribisyon te vini tou pou l te batize yo. Yo mande Jan: — Mèt, kisa pou nou fè? Li reponn yo: — Pa fè moun peye plis pase sa lalwa mande a. Kèk sòlda tou mande li: — E nou menm, kisa pou nou fè? Li reponn yo: — Pa fè brital ak pèsonn. Pa fè manti sou pèsonn pou pran lajan nan men yo. Fè kè nou kontan ak sa yo peye nou an.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an