Lik 3

3
Jan Batis ap preche
(Matye 3.1-12; Mak 1.1-8; Jan 1.19-28)
1Nan tan sa a, Seza Tibè te gen kenzan depi li te wa. Pons Pilat t'ap kòmande nan peyi Jide. Ewòd menm te chèf nan peyi Galile. Filip, frè Ewòd la, te chèf nan peyi Litoure ak nan rejyon Trakonit. Lizanyas te chèf nan Labilèn. 2Lè sa a, se Àn ak Kayif ki t'ap sèvi tankou granprèt. Nan menm epòk sa a, Bondye pale ak Jan, pitit Zakari a, ki te nan dezè a. 3Jan #Mat 3.1-12; Mak 1.1-8 mache nan tout peyi bò larivyè Jouden an. Li t'ap bay mesay sa a:
— Tounen vin jwenn Bondye. Vin resevwa batèm: Bondye va padonnen peche nou yo.
4Se #Eza 40.3-5 konsa, sa ki te ekri nan Liv ki gen pawòl pwofèt Ezayi a vin rive vre:
Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a:
Pare gran wout Senyè nou an.
Plani chemen an byen plani pou li.
5Tout fon gen pou konble.
Tout gwo mòn, tout ti mòn gen pou vin plat.
Kote ki gen detou gen pou vin dwat.
Chemen ki an movèz eta gen pou vin bèl.
6Tout #Tra 28.28 moun va wè jan Bondye ap delivre nou an.
7Moun #Mat 23.33; Jan 3.36 t'ap vin an foul bò kote Jan pou l te batize yo. Lè konsa li di yo:
— Bann vèmin! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an? 8Fè bagay ki pou fè wè nou chanje lavi nou tout bon. Sispann di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye! Paske, mwen pa kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram. 9Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa, jete nan dife.
10Foul moun yo mande l konsa:
— Kisa pou nou fè menm?
11Li reponn yo:
— Sa ki gen de rad, se pou yo bay sa k pa genyen an yonn. Sa ki gen manje pou manje, se pou l separe l bay yon lòt.
12Kèk pèseptè kontribisyon te vini tou pou l te batize yo. Yo mande Jan:
— Mèt, kisa pou nou fè?
13Li reponn yo:
— Pa fè moun peye plis pase sa lalwa mande a.
14Kèk sòlda tou mande li:
— E nou menm, kisa pou nou fè?
Li reponn yo:
— Pa fè brital ak pèsonn. Pa fè manti sou pèsonn pou pran lajan nan men yo. Fè kè nou kontan ak sa yo peye nou an.
15Pèp #Jan 1.19-28 la t'ap tann konsa: yo t'ap mande nan kè yo si se pa Jan ki Kris la. 16#Tra 13.25 sa a, Jan di yo tout:
— Mwen batize nou nan dlo. Men, gen yon moun ki gen pou vini ki gen plis pouvwa anpil pase mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m ta demare kòd sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife. 17Laye l nan men li, l'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. L'a ranmase grenn ki bon yo, l'a mete yo nan galata li. Men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.
18Se avèk anpil lòt pawòl konsa Jan t'ap ba yo konsèy, li t'ap anonse bòn nouvèl la bay pèp la. 19Men, #Mat 14.3,4; Mak 6.17,18 Jan te fè chèf Ewòd repwòch poutèt Ewodyad, madanm frè li a, li te pran pou madanm li, ak pou anpil lòt move zak li te fè. 20Lè sa a, Ewòd mete ankò sou sa l te fè deja: li fè fèmen Jan nan prizon.
Jan batize Jezi
(Matye 3.13-17; Mak 1.9-11)
21#Mat 3.13-17; Mak 1.9-11; Jan 1.32 Jan te fin batize tout moun, li batize Jezi tou. Antan Jezi t'ap lapriyè, syèl la louvri. 22Sentespri a #Lik 9.35; Sòm 2.7; Eza 42.1 desann sou li sou fòm yon pijon. Yon vwa soti nan syèl la, li di:
— Ou se pitit mwen renmen anpil la, ou fè kè m' kontan anpil.
Zansèt Jezi yo
23Jezi #Mat 1.1-17 te #Lik 4.22 gen trantan konsa lè l konmanse travay li. Dapre sa yo te kwè, li te pitit Jozèf, Jozèf sa a te pitit Eli. 24Eli te pitit Matat, Matat te pitit Levi, Levi te pitit Mèlki, Mèlki te pitit Janayi, Janayi te pitit Jozèf. 25Jozèf te pitit Matatyas, Matatyas te pitit Amòs, Amòs te pitit Nawoum, Nawoum te pitit Esli, Esli te pitit Nagayi. 26Nagayi te pitit Maat, Maat te pitit Matatyas, Matatyas te pitit Semeyin, Semeyin te pitit Jozèk, Jozèk te pitit Joda. 27Joda #1 Kwo 3.17; Esd 3.2 te pitit Joanan, Joanan te pitit Reza, Reza te pitit Zowobabèl, Zowobabèl te pitit Salasyèl, Salasyèl te pitit Neri. 28Neri te pitit Mèlki, Mèlki te pitit Adi, Adi te pitit Kozam, Kozam te pitit Elmadam, Elmadam te pitit Er. 29Er te pitit Jezi, Jezi te pitit Elyezè, Elyezè te pitit Jorim, Jorim te pitit Matat, Matat te pitit Levi. 30Levi te pitit Simeyon, Simeyon te pitit Jida, Jida te pitit Jozèf, Jozèf te pitit Jonam, Jonam te pitit Elyakim. 31Elyakim #1 Sam 16.1,13; 2 Sam 5.14 te pitit Melea, Melea te pitit Mena, Mena te pitit Matata, Matata te pitit Natan, Natan te pitit David. 32David #Rit 4.22 te pitit Izayi, Izayi te pitit Jobèd, Jobèd te pitit Bòz, Bòz te pitit Sala, Sala te pitit Nason. 33Naason #1 Kwo 2.1-5; Jen 29.35 te pitit Aminadab, Aminadab te pitit Admen, Admen te pitit Ani, Ani te pitit Eswòm, Eswòm te pitit Perèz, Perèz te pitit Jida. 34Jida #Jen 21.2-3; 11.10-26; 1 Kwo 1.24-27 te pitit Jakòb, Jakòb te pitit Izarak, Izarak te pitit Abraram, Abraram te pitit Tara, Tara te pitit Nakò. 35Nakò te pitit Sewouk, Sewouk te pitit Rago, Rago te pitit Falèk, Falèk te pitit Ebè, Ebè te pitit Sala. 36Sala #Jen 5.3-32; 1 Kwo 1.1-4; Jen 4.25; 11.10 te pitit Kayinam, Kayinam te pitit Afaksad, Afaksad te pitit Sèm, Sèm te pitit Noye, Noye te pitit Lamèk. 37Lamèk te pitit Matizala, Matizala te pitit Enòk, Enòk te pitit Jarèd, Jarèd te pitit Maleleyèl, Maleleyèl te pitit Kaynan. 38Kaynan #Jen 5.1-3 te pitit Enòs, Enòs te pitit Sèt, Sèt te pitit Adan, epi Adan te pitit Bondye.

Chwazi Kounye ya:

Lik 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

Video for Lik 3