Pandan yo t'ap pale konsa, Jezi menm vin kanpe nan mitan yo, li di yo: — Lapè avèk nou. Yo te pè, yo pran tranble. Yo te kwè se yon zonbi k'ap pale ak yo a. Men, Jezi di yo: — Poukisa nou pè konsa? Poukisa tout lide sa yo nan tèt nou? Gade men mwen, gade pye mwen. Nou mèt manyen wi. Gade mwen byen: yon lespri pa gen chè, li pa gen zo, jan nou wè mwen an. Antan li t'ap di yo sa, li moutre yo men l ak pye l yo. Yon sèl kè kontan pran disip yo, men yo pat kwè toujou sitèlman yo te sezi. Lè sa a, Jezi di yo: — Eske nou gen kichòy la a pou manje? Yo ofri l yon moso pwason boukannen. Li pran l, li manje l devan je yo.
Li Lik 24
Koute Lik 24
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 24:36-43
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo