Lè sa a Jezi di yo: — Ala moun san konprann! Ki jan lespri nou fè lou pou kwè tou sa pwofèt yo te di konsa! Eske se pa pou Kris la te soufri bagay sa yo anvan pou l te resevwa lwanj li? Epi li pran esplike yo tou sa ki te ekri sou li nan Liv yo. Li konmanse ak Liv Moyiz yo, li pase nan tout Liv pwofèt yo. Lè yo rive toupre ti bouk kote yo t'ap prale a, Jezi fè tankou li ta vle al pi lwen. Yo kenbe l, yo di li: — Rete avèk nou non. Solèy fin kouche, pral fènwa. Li antre pou l rete ak yo. Li chita bò tab la ak yo pou manje. Li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l, epi li ba yo li. Menm lè a, je yo louvri, yo rekonèt li. Men, li disparèt lamenm devan yo. Yonn pran di lòt: — Eske nou pat santi tankou yon dife k'ap boule nan kè nou lè l t'ap pale avèk nou sou tout wout la, lè l t'ap esplike nou sa k te ekri nan Liv yo? Latou, yo leve, yo tounen Jerizalèm. Lè yo rive, yo jwenn onz disip yo reyini ak zanmi yo. Yo tout t'ap di: — Se vre wi, Senyè a resisite. Simon wè li. Lè sa a, de disip yo pran rakonte sa k te rive yo sou wout la, ki jan yo te rekonèt li lè l te kase pen an.
Li Lik 24
Koute Lik 24
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 24:25-35
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo