Lik 24:13-27

Lik 24:13-27 HAT98

Menm jou sa a, te gen de disip ki ta pral nan yon bouk yo rele Emayis. Bouk la te yon ti distans onz kilomèt konsa ak lavil Jerizalèm. De disip yo t'ap koze sou tou sa ki te pase. Yo t'ap pale, yo t'ap diskite yonn ak lòt. Lè sa a, Jezi pwoche bò kote yo, li tanmen fè wout ak yo. Yo te wè l, men te gen kichòy ki te anpeche yo rekonèt li. Li di yo: — Sou kisa n'ap pale konsa antan n'ap mache a? Yo rete yo kanpe tou tris. Yonn ladan yo ki te rele Kleopas reponn li: — Gen lè ou se sèl moun k'ap viv lavil Jerizalèm ki pa konn sa k te rive nan senmenn ki sot pase a? Li di yo: — Kisa k te rive konsa? Yo reponn li: — Tou sa k te rive Jezi, moun Nazarèt la. Nonm sa a te yon gwo pwofèt devan Bondye ak devan tout pèp la: li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen. Enben, chèf prèt yo ak otorite nou yo fè yo kondannen l amò, epi yo kloure l sou yon kwa. Nou te gen espwa se li menm ki t'ap vin delivre pèp Izrayèl la. Men, jòdi a fè twa jou depi bagay sa yo pase. Fòk nou di ou tou gen kèk fanm nan gwoup nou an ki fè nou byen sezi. Yo te al nan kavo a granmaten jòdi a. Men, yo pa jwenn kò a. Yo tounen vin rakonte te gen zanj Bondye ki te parèt devan yo, ki te di yo li vivan. Gen kèk zanmi nou yo kal nan kavo a tou. Yo jwenn tout bagay jan medam yo te di l la. Men li menm, yo pa wè li. Lè sa a Jezi di yo: — Ala moun san konprann! Ki jan lespri nou fè lou pou kwè tou sa pwofèt yo te di konsa! Eske se pa pou Kris la te soufri bagay sa yo anvan pou l te resevwa lwanj li? Epi li pran esplike yo tou sa ki te ekri sou li nan Liv yo. Li konmanse ak Liv Moyiz yo, li pase nan tout Liv pwofèt yo.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Lik 24:13-27

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an