Yo mennen de lòt moun, de kriminèl pou yo touye ansanm ak Jezi. Lè yo rive kote yo rele Zo bwa Tèt la, yo kloure Jezi sou kwa a. Yo kloure de kriminèl yo sou de lòt kwa, yonn chak bò li. Jezi di: — Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo fè tirajosò pou separe rad li. Pèp la te kanpe la ap gade. Chèf yo t'ap pase Jezi nan rizib, yo t'ap di: — Gade! Li sove lòt moun. Si se Kris la li ye, moun Bondye chwazi a, se pou l sove tèt pa l tou. Sòlda yo t'ap pase l nan betiz tou. Yo pwoche bò kote l, yo ba l vinèg pou l bwè, epi yo di li: — Si ou se wa jwif yo, se pou ou sove tèt ou ou menm! Men sa k te ekri sou tèt kwa a: Nonm sa a se wa jwif yo li ye. Yonn nan kriminèl yo te kloure sou kwa yo t'ap joure li. Li t'ap di li: — Se pa ou ki Kris la? Sove tèt ou non, epi sove nou ansanm avè ou tou. Men lòt la reprann li epi li di li: — Genlè ou san krentif pou Bondye, ou menm ki anba menm kondansyon ak li a! Pou nou menm se jistis, paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou fè. Men li menm, li pa fè anyen. Epi li di Jezi: — Chonje m wi lè w'a vin pran gouvènman an nan men ou! Jezi reponn li: — Sa m'ap di ou la, se vre wi: Jòdi a ou pral avè m nan paradi.
Li Lik 23
Koute Lik 23
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 23:32-43
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo