Lik 23:26-43

Lik 23:26-43 HAT98

Antan sòlda yo t'ap mennen Jezi ale, yo kontre Simon, yon moun peyi Sirèn. Li te sòti nan jaden. Yo pran mesye, yo chaje l anba kwa a pou l pote li dèyè Jezi. Yon bann moun nan pèp la t'ap swiv Jezi. Te gen kèk fanm la tou ki t'ap kriye, ki t'ap plenn sò li. Jezi vire gade yo, li di yo konsa: — Nou menm, medam lavil Jerizalèm, pa kriye pou mwen tande. Kriye pou tèt pa nou ak tout pitit nou yo. Gen jou k'ap vin dèyè. Lè sa a y'a di: Benediksyon pou fanm ki pa kapab fè pitit, pou fanm ki pat janm fè pitit, pou fanm ki pa janm bay pitit tete. Lè sa a, tout moun va di mòn yo: Tonbe sou nou! Y'a mande mòn yo: Kouvri nou! Paske, si se sa yo fè bwa vèt la, kisa yo p'ap fè bwa chèch la? Yo mennen de lòt moun, de kriminèl pou yo touye ansanm ak Jezi. Lè yo rive kote yo rele Zo bwa Tèt la, yo kloure Jezi sou kwa a. Yo kloure de kriminèl yo sou de lòt kwa, yonn chak bò li. Jezi di: — Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo fè tirajosò pou separe rad li. Pèp la te kanpe la ap gade. Chèf yo t'ap pase Jezi nan rizib, yo t'ap di: — Gade! Li sove lòt moun. Si se Kris la li ye, moun Bondye chwazi a, se pou l sove tèt pa l tou. Sòlda yo t'ap pase l nan betiz tou. Yo pwoche bò kote l, yo ba l vinèg pou l bwè, epi yo di li: — Si ou se wa jwif yo, se pou ou sove tèt ou ou menm! Men sa k te ekri sou tèt kwa a: Nonm sa a se wa jwif yo li ye. Yonn nan kriminèl yo te kloure sou kwa yo t'ap joure li. Li t'ap di li: — Se pa ou ki Kris la? Sove tèt ou non, epi sove nou ansanm avè ou tou. Men lòt la reprann li epi li di li: — Genlè ou san krentif pou Bondye, ou menm ki anba menm kondansyon ak li a! Pou nou menm se jistis, paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou fè. Men li menm, li pa fè anyen. Epi li di Jezi: — Chonje m wi lè w'a vin pran gouvènman an nan men ou! Jezi reponn li: — Sa m'ap di ou la, se vre wi: Jòdi a ou pral avè m nan paradi.

Video for Lik 23:26-43