Antan sòlda yo t'ap mennen Jezi ale, yo kontre Simon, yon moun peyi Sirèn. Li te sòti nan jaden. Yo pran mesye, yo chaje l anba kwa a pou l pote li dèyè Jezi. Yon bann moun nan pèp la t'ap swiv Jezi. Te gen kèk fanm la tou ki t'ap kriye, ki t'ap plenn sò li. Jezi vire gade yo, li di yo konsa: — Nou menm, medam lavil Jerizalèm, pa kriye pou mwen tande. Kriye pou tèt pa nou ak tout pitit nou yo. Gen jou k'ap vin dèyè. Lè sa a y'a di: Benediksyon pou fanm ki pa kapab fè pitit, pou fanm ki pat janm fè pitit, pou fanm ki pa janm bay pitit tete.
Li Lik 23
Koute Lik 23
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 23:26-29
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo