Lik 23:1-25

Lik 23:1-25 HAT98

Tout bann moun yo leve, yo mennen Jezi devan Pilat. Rive la, yo pran pale kont Jezi, yo di: — Nou jwenn nonm sa a ap moute tèt pèp la. L'ap di yo pou yo pa peye Seza lajan taks yo. Li menm rive pretann se Kris la li ye, li se wa. Pilat mande li: — Eske ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: — Se ou ki di li. Pilat di chèf prèt yo ak foul moun yo: — Mwen pa wè okenn rezon pou m kondannen nonm sa a. Men, yo kenbe la avè l, yo di: — L'ap moute tèt pèp la ak pawòl l'ap di yo. Li konmanse travay sa a depi nan peyi Galile, li pase nan tout peyi Jide a, li rive jouk isit la. Lè Pilat tande sa, li mande yo si Jezi se moun Galile. Aprann Pilat aprann Jezi te sòti nan rejyon ki te sou kòmandman Ewòd la, li voye Jezi bay Ewòd ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm lè sa a. Ewòd pat manke kontan lè li wè Jezi. Depi lontan li te konn tande pale sou li, li te anvi kontre avè l. Li te kwè li ta pral wè Jezi fè kèk mirak. Li poze l anpil kèsyon, men Jezi pa reponn li anyen. Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te la. Yo t'ap depoze anpil gwo plent kont Jezi. Ewòd menm ansanm ak tout gad li yo t'ap pase Jezi nan rizib. Yo mete l nan yon wonn tenten. Yo mete yon bèl rad sou li. Epi yo voye l tounen bay Pilat. Pilat ak Ewòd te lènmi anvan sa. Menm jou sa a yo vin zanmi. Pilat sanble chèf prèt yo, tout otorite yo ansanm ak pèp la. Li di yo: — Nou mennen nonm sa a ban mwen. Nou fè m konprann l'ap moute tèt pèp la. Mwen menm, mwen poze l kèsyon devan nou, mwen pa janm jwenn li koupab. Li pa fè okenn nan move zak n'ap plede di l fè yo. Ewòd pa jwenn li koupab nonplis. Men li voye l tounen ban mwen. Nonm sa a pa fè anyen ki merite lanmò. Mwen pral fè yo bat li byen bat, apre sa m'a lage li. [ Pou chak fèt Pak, Pilat te konn grasye yon prizonye li te konn lage bay yo.] Yo tout pran rele ansanm: — Touye nonm sa a, lage Barabas ban nou. ( Barabas sa a, se te yon nonm ki te nan prizon poutèt lèzam li te pran kont gouvènman an epi pou yon moun li te touye nan lavil la.) Pilat menm te vle lage Jezi. Li pale ak foul moun yo ankò. Men yo rele: — Kloure l sou yon kwa! Kloure l sou yon kwa! Yon twazyèm fwa ankò, Pilat di yo: — Manyè di m ki move zak li fè konsa? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan nonm sa a ki merite lanmò. Mwen pa di nou mwen pral fè bat li byen bat, apre sa m'a lage li? Men, yo pran rele pi fò, yo pèsiste ap mande pou yo kloure Jezi sou yon kwa. Yo sitèlman rele, Pilat ba yo gany. Se konsa Pilat pran desizyon pou l ba yo sa yo te mande a. Li lage moun pèp la te vle a, nonm ki te nan prizon pou konplo ak krim lan. Epi Pilat renmèt yo Jezi pou yo te fè li sa yo te vle a.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an