Jezi t'ap pale toujou lè yon bann moun vin rive. Jida, yonn nan douz disip yo, t'ap mache devan. Li pwoche bò kote Jezi pou l bo li. Men, Jezi di li: — Jida, se avèk yon bo w'ap trayi Moun Bondye voye nan lachè a? Moun ki te avèk Jezi yo, lè yo wè sa k ta pral rive, yo mande li: — Mèt, eske nou mèt voye kout nepe? Yonn ladan yo gentan pote domestik granprèt la yon kou, li koupe zòrèy dwat li. Men, Jezi di yo: — Non. Ase. Li manyen zòrèy nonm lan, li geri li.
Li Lik 22
Koute Lik 22
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 22:47-51
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo