Lik 22:1-50

Lik 22:1-50 HAT98

Fèt Pen san ledven yo, ki vle di fèt Delivrans jwif yo, te prèt pou rive. Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap chache yon riz pou yo fè touye Jezi, paske yo te pè pèp la. Lè sa a, Satan antre nan tèt Jida yo te rele Iskaryòt la, yonn nan douz disip yo. Jida al jwenn chèf prèt yo ak chèf gad ki t'ap veye tanp lan. Li di yo ki jan li ta ka fè yo pran Jezi. Yo pat manke kontan, yo pwomèt pou yo ba l lajan. Li tonbe dakò ak yo. Se konsa Jida t'ap chache yon bon okazyon pou l te fè yo pran Jezi san foul la pa konnen. Jou fèt Pen San Ledven an te rive. Se jou sa a pou yo te touye mouton pou manje pou fèt Pak la. Jezi voye Pyè ak Jan, li di yo: — Ale prepare manje fèt Pak la pou nou ka manje li. Yo mande li: — Ki bò ou ta vle nou pare li? Li di yo: — Gade. Lè n'a antre lavil la, n'a kontre ak yon nonm k'ap pote yon krich dlo. Swiv li jouk nan kay kote la antre a. N'a di mèt kay la: Mèt la voye mande ou kote pyès kay pou l manje manje Delivrans lan avèk disip li yo? — Lè sa a la moutre nou yon gwo chanm anwo kay la, tou pare, tou meble. Se la n'a pare manje Delivrans lan. Yo pati, yo jwenn tout bagay jan l te di yo a. Epi yo pare manje Delivrans lan. Lè lè a rive, Jezi te atab ak disip yo. Li di yo: — Mwen pat manke anvi manje manje Delivrans sa a avè n anvan mal soufri. Paske, m'ap di nou sa: mwen p'ap janm manje l ankò jouk jou la pran sans li nèt vre nan peyi kote Bondye Wa a. Apre sa, li pran yon gode, li di Bondye mèsi, epi l di: — Men gode sa a, separe l bay chak moun nan nou; paske, m'ap di nou sa, depi kounyeya mwen p'ap bwè diven ankò jouk lè Bondye va vin pran pouvwa a nan men li. Apre sa, li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase li. Li ba yo l, epi li di yo: — Sa se kò mwen. Se mwen menm ki bay li pou nou. Se pou nou fè sa pou nou ka toujou chonje mwen. Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo gode diven an. Li di yo: — Gode sa a, se nouvo kontra Bondye pase ak moun. Se avèk san m ki koule pou nou an li siyen l. Men gade! Moun k'ap trayi m lan, li la bò tab la ansanm ak mwen! Moun Bondye voye nan lachè a pral mouri jan Bondye te vle l la, se vre. Men, malè pou moun ki trayi l la! Latou, yonn pran mande lòt kilès nan yo la a ki pral fè bagay sa a. Epi yon gwo diskisyon leve nan mitan disip yo pou konnen kilès nan yo ki gen plis enpòtans. Jezi di yo: — Nan tout peyi, wa se kòmande yo kòmande, moun ki chèf fè nou rele yo Bon papa. Men pou nou menm, se pa konsa pou sa ye. Okontrè, moun ki pi enpòtan an nan mitan nou, se pou li konpòte li tankou sa ki pi ba a. Sa k'ap kòmande a, se pou li tankou moun k'ap sèvi a. Kilès ki pi enpòtan? Moun ki atab la osinon moun k'ap sèvi a? Se moun ki atab la, pa vre? Enben, mwen menm, mwen nan mitan nou tankou moun k'ap sèvi a. — Nou menm, nou se moun ki kenbe fèm avè m nan tout tribilasyon mwen yo. Se poutèt sa, menm jan Papa a te ban m dwa pou m gouvènen nan peyi kote li wa a, mwen menm tou, m'ap ban nou dwa sa a. N'a manje, n'a bwè sou tab ansanm avè m sou gouvènman mwen an. M'a mete nou chita sou bèl fòtèy pou nou jije douz branch fanmi Izrayèl la. — Simon, Simon, koute: Satan mande pouvwa pou l pase nou tout nan laye, tankou grenn y'ap vannen. Men, mwen lapriyè pou ou, Simon, pou konfyans ou nan Bondye pa febli. Ou menm, lè w'a tounen vin jwenn mwen, bay frè ou yo fòs. Pyè di li: — Mèt, mwen pare pou mal nan prizon avè ou, pou m mouri menm avè ou. Jezi reponn li: — Pyè, tande byen sa m'ap di ou: Jodi a menm, kòk p'ap gentan chante, w'ap gentan nye twa fwa ou pa konnen mwen. Jezi di yo ankò: — Lè m te voye nou san lajan, san manje, san soulye, eske nou te manke kichòy? Yo reponn li: — Nou pat manke anyen. Li di yo: — Bon, kounyeya, moun ki gen yon lajan, se pou l pran l. Sa ki gen manje se pou l pran l tou. Moun ki pa gen nepe, se pou l vann rad li pou l achte yonn. Paske, tande byen sa m'ap di nou: pawòl ki te ekri a, fòk li rive vre nan lavi mwen: Yo mete l ansanm ak mechan yo. Wi, sa ki ekri sou mwen an pral rive. Disip yo di li: — Mèt, men de nepe. Li di yo: — Sa kont. Apre sa, Jezi soti, l'al sou mòn Olivye, jan li te gen labitid fè a. Disip yo swiv li. Lè l rive, li di yo: — Lapriyè pou n pa tonbe anba tantasyon. Epi li kite yo, l'al pi devan, distans yon moun kab voye yon wòch konsa. Li mete ajenou, li pran lapriyè. Li di: — Papa, si ou vle, tanpri, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa ou. [ Lè sa a, yon zanj Bondye sòti nan syèl la parèt devan li. Li te vin bay Jezi fòs. Kè Jezi te sere anpil, li t'ap lapriyè pi rèd. Swe t'ap koule sou li tonbe atè tankou gwo degout san.] Apre li fin lapriyè, li leve, li vin bò kote disip yo. Li jwenn yo ap dòmi sitèlman yo te nan lapenn. Li di yo: — Poukisa n'ap dòmi konsa? Leve non, lapriyè pou n pa tonbe anba tantasyon. Jezi t'ap pale toujou lè yon bann moun vin rive. Jida, yonn nan douz disip yo, t'ap mache devan. Li pwoche bò kote Jezi pou l bo li. Men, Jezi di li: — Jida, se avèk yon bo w'ap trayi Moun Bondye voye nan lachè a? Moun ki te avèk Jezi yo, lè yo wè sa k ta pral rive, yo mande li: — Mèt, eske nou mèt voye kout nepe? Yonn ladan yo gentan pote domestik granprèt la yon kou, li koupe zòrèy dwat li.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an