Lik 2:8-21

Lik 2:8-21 HAT98

Nan menm zòn sa a, te gen gadò mouton ki t'ap pase nwit la deyò ap veye mouton yo. Lè sa a, yon zanj Bondye parèt devan yo, bèl limyè Bondye a klere tout kote yo te ye a. Yo te pè anpil. Men zanj lan di yo konsa: — Pa pè. Mwen vin anonse nou yon bonnouvèl ki pral fè tout pèp la kontan anpil. Jòdi a, nan lavil David la, nou gen yon Sovè ki fenk fèt: se Kris la, Senyè a. Men ki siy k'ap fè nou rekonèt li: n'a jwenn yon tibebe vlope nan kouchèt ki kouche nan yon ganmèl kote yo bay bèt manje. Menm lè a, yon foul lòt zanj nan syèl la vin jwenn zanj lan. Yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di konsa: Lwanj pou Bondye nan syèl la, kè poze pou tout moun sou latè ki byen dispoze. Zanj yo kite gadò mouton yo, yo tounen al nan syèl la. Lè sa a, gadò mouton yo yonn di lòt: — Ann al jouk Betleyèm, ann al wè sa ki rive, sa Bondye fè nou konnen an. Yo prese ale, yo jwenn Mari ak Jozèf, ansanm ak ti pitit la kouche kote yo bay bèt manje a. Lè yo wè l, yo tanmen rakonte sa zanj lan te di yo sou pitit la. Tout moun ki t'ap koute yo te sezi tande sa yo t'ap rakonte a. Mari menm te kenbe tout pawòl sa yo nan kè l, li t'ap repase yo nan tèt li. Apre sa, gadò mouton yo al fè wout yo. Yo t'ap di jan Bondye gen pouvwa, yo t'ap fè lwanj li, paske tou sa yo te tande ak tou sa yo te wè a te dakò ak sa zanj lan te fè yo konnen. Wit jou apre, se te dat pou yo te sikonsi pitit la. Yo rele l Jezi dapre non zanj lan te bay anvan menm manman l te vin ansent li.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Lik 2:8-21

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an