Lik 2:39-52

Lik 2:39-52 HAT98

Lè yo fin fè tou sa lalwa Bondye te mande yo fè a, Jozèf ak Mari tounen ansanm avèk tipitit la nan peyi yo, lavil Nazarèt nan Galile. Pitit la menm t'ap grandi, li t'ap devlope. Li te gen kont lespri l, epi favè Bondye te avèk li. Chak ane, pou fèt Pak, manman ak papa Jezi te konn ale Jerizalèm. Lè Jezi vin gen douzan, yo moute Jerizalèm al nan fèt la jan yo te toujou fè. Lè jou fèt yo fin pase, moun yo t'ap retounen lakay yo. Pitit la menm rete Jerizalèm san papa li ak manman li pa konn sa. Yo te kwè li te avèk lòt moun ki t'ap vwayaje ansanm ak yo. Yo gentan fè yon jounen ap mache. Se lè sa a, yo pran chache li pami fanmi yo ak zanmi yo. Men yo pa jwenn li. Yo tounen Jerizalèm al chache li. Apre twa jou, yo jwenn li nan tanp lan, chita nan mitan dirèktè yo. Li t'ap koute yo, li t'ap poze yo kèsyon tou. Tout moun ki t'ap tande l te sezi pou jan l te gen lespri, ak jan l t'ap reponn yo. Lè papa l ak manman l wè l, yo pat manke sezi. Manman li di l konsa: — Pitit mwen, poukisa ou fè nou sa? Se pa ti chache papa ou avè m nou pa chache ou. Ou fè kè n kase. Jezi di yo: — Poukisa pou n'ap chache m konsa? Nou pat konnen fòk mwen okipe zafè papa mwen? Men yo pat konprann sa l t'ap di yo. Apre sa, li desann ak yo, li tounen Nazarèt. Li te soumèt devan yo. Manman l menm te kenbe tout bagay sa yo nan kè li. Jezi t'ap devlope, li te vin gen plis lespri toujou, li t'ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi.

Video for Lik 2:39-52