Lik 2:22-40

Lik 2:22-40 HAT98

Apre sa, jou a te rive pou Jozèf ak Mari te al fè sèvis pou yo ka mete Mari nan kondisyon fè sèvis Bondye dapre lalwa Moyiz. Lè sa a, yo pote tipitit la lavil Jerizalèm pou mete l apa pou Bondye, dapre sa ki ekri nan lalwa Bondye a: Konsakre tout premye pitit gason yo bay Mèt la. Yo te ofri tou yon pè toutrèl osinon de jenn pijon pou yo touye pou Bondye, jan yo bay lòd fè sa nan lalwa Bondye a. Lè sa a, te gen yon nonm nan Jerizalèm yo te rele Simeyon. Nonm sa a te mache dwat devan Bondye, li te respekte Bondye anpil, li t'ap tann konsa moun Bondye t'ap voye pou delivre pèp Izrayèl la. Sentespri Bondye a te avèk li. Li te fè l konnen li pa t'ap mouri san l pa wè Kris la, moun Bondye te chwazi pou l voye a. Lespri Bondye a pouse Simeyon ale nan tanp lan. Lè Jozèf ak Mari pote tipitit la pou yo fè sa lalwa mande pou li a, Simeyon pran tipitit la nan bra l, li di Bondye mèsi. Li di: Kounyeya, Mèt, ou kenbe pawòl ou; ou mèt kite sèvitè ou la mouri ak kè poze. Paske mwen wè ak je mwen moun ou voye pou delivre nou an. Ou pare l mete devan tout pèp yo. Se yon limyè ki pou fè tout pèp yo konnen ou; se va yon lwanj pou Izrayèl pèp ou a. Papa ak manman Jezi te sezi tande sa Simeyon t'ap di sou pitit yo a konsa. Simeyon rele benediksyon Bondye sou yo, li di Mari, manman Jezi: — Bondye chwazi pitit sa a. L'ap lakòz anpil moun nan pèp Izrayèl la tonbe. Men, l'ap fè anpil moun nan pèp la jwenn delivrans tou. Li pral yon siy pou Bondye, men moun p'ap vle wè li. Se konsa l'ap devwale tout lide k'ap travay nan fon kè anpil moun. Kanta pou ou menm, Mari, doulè gen pou fann kè ou tankou yon nepe. Te gen yon fanm ki te pwofèt la a tou. Li te rele Ana, pitit fi Fanwèl, nan branch fanmi Azè. Li te fin granmoun. Li te viv setan ak nonm li te marye depi li te jennfi a. Apre sa, li te rete vèv. Lè sa a, li te gen katrevenkatran, li pat janm kite tanp lan. Li t'ap sèvi Bondye lajounen kou lannwit: tout tan li t'ap fè jèn, li t'ap lapriyè. Menm lè sa a tou, li vin rive, li t'ap di Bondye mèsi. Li t'ap pale sou Jezi bay tout moun ki t'ap tann Bondye vin delivre lavil Jerizalèm. Lè yo fin fè tou sa lalwa Bondye te mande yo fè a, Jozèf ak Mari tounen ansanm avèk tipitit la nan peyi yo, lavil Nazarèt nan Galile. Pitit la menm t'ap grandi, li t'ap devlope. Li te gen kont lespri l, epi favè Bondye te avèk li.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an