Apre sa, jou a te rive pou Jozèf ak Mari te al fè sèvis pou yo ka mete Mari nan kondisyon fè sèvis Bondye dapre lalwa Moyiz. Lè sa a, yo pote tipitit la lavil Jerizalèm pou mete l apa pou Bondye, dapre sa ki ekri nan lalwa Bondye a: Konsakre tout premye pitit gason yo bay Mèt la. Yo te ofri tou yon pè toutrèl osinon de jenn pijon pou yo touye pou Bondye, jan yo bay lòd fè sa nan lalwa Bondye a. Lè sa a, te gen yon nonm nan Jerizalèm yo te rele Simeyon. Nonm sa a te mache dwat devan Bondye, li te respekte Bondye anpil, li t'ap tann konsa moun Bondye t'ap voye pou delivre pèp Izrayèl la. Sentespri Bondye a te avèk li. Li te fè l konnen li pa t'ap mouri san l pa wè Kris la, moun Bondye te chwazi pou l voye a. Lespri Bondye a pouse Simeyon ale nan tanp lan. Lè Jozèf ak Mari pote tipitit la pou yo fè sa lalwa mande pou li a, Simeyon pran tipitit la nan bra l, li di Bondye mèsi. Li di: Kounyeya, Mèt, ou kenbe pawòl ou; ou mèt kite sèvitè ou la mouri ak kè poze. Paske mwen wè ak je mwen moun ou voye pou delivre nou an. Ou pare l mete devan tout pèp yo. Se yon limyè ki pou fè tout pèp yo konnen ou; se va yon lwanj pou Izrayèl pèp ou a.
Li Lik 2
Koute Lik 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 2:22-32
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo