Zanj yo kite gadò mouton yo, yo tounen al nan syèl la. Lè sa a, gadò mouton yo yonn di lòt: — Ann al jouk Betleyèm, ann al wè sa ki rive, sa Bondye fè nou konnen an. Yo prese ale, yo jwenn Mari ak Jozèf, ansanm ak ti pitit la kouche kote yo bay bèt manje a. Lè yo wè l, yo tanmen rakonte sa zanj lan te di yo sou pitit la. Tout moun ki t'ap koute yo te sezi tande sa yo t'ap rakonte a. Mari menm te kenbe tout pawòl sa yo nan kè l, li t'ap repase yo nan tèt li.
Li Lik 2
Koute Lik 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 2:15-19
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo