Lè sa a, Seza Ogis te bay lòd pou yo fè resansman tout moun nan peyi l'ap gouvènen yo. Premye resansman an te fèt nan tan Kiriniyis t'ap gouvènen peyi Siri. Tout moun te al fè pran non yo nan lavil kote fanmi yo te sòti. Jozèf te rete Galile nan bouk Nazarèt. Men paske li te moun nan fanmi ras David, li moute, l'ale nan Jide, nan Betleyèm, vil David. Jozèf ta pral fè yo pran non l ansanm ak non Mari, fyanse li, ki te ansent.
Li Lik 2
Koute Lik 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 2:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo