Men sa l di yo: — Vwala, se te yon nonm gran fanmi ki te al nan yon peyi byen lwen. Li te al fè yo ba l otorite pou l wa, apre sa pou l te tounen lakay li ankò. Anvan l ale, li rele dis nan domestik li yo, li ba yo chak yon pyès lò, li di yo: Fè lajan an travay jouk mwen tounen. Men, pwòp moun peyi l yo te rayi li. Yo voye kèk mesaje dèyè l pou di: Nou pa vle nonm sa a pou wa nou. — Malgre sa, yo bay nonm lan otorite pou l wa, epi l tounen nan peyi li. Lè sa a, li fè rele domestik li te bay lajan yo pou yo vin kote l: li te bezwen konnen ki benefis yo chak te fè. Premye a vini, li di: Monwa, pyès lò ou te ban mwen an rapòte dis pyès ankò. Wa a di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik. M'ap mete ou gouvènen dis vil, paske ou te fè ti travay sa a byen. Dezyèm lan vini, li di: Monwa, pyès lò ou te ban mwen an rapòte senk lòt pyès. Wa a di l: Ou menm, m'ap mete ou gouvènen senk vil. — Yon lòt vini, li di: Monwa, men pyès lò ou la. Mwen te sere l nan yon mouchwa. Mwen te pè, paske m'konnen ou moun ki sevè: Ou pran sa ou pa mete. Ou rekòlte sa ou pa simen. Wa a reponn: Gade jan ou se yon move domestik! M'ap jije ou ak pawòl ki sot nan bouch ou. Ou te konnen m se yon nonm ki di, mwen pran sa ki pa pou mwen, mwen rekòlte sa m pa simen, poukisa ou pat mete lajan m labank. Lè m ta tounen, mwen ta wete l ak yon enterè.
Li Lik 19
Koute Lik 19
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 19:12-23
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo