Jezi rakonte yo parabòl sa a pou l te moutre yo nesesite pou yo toujou lapriyè san yo pa janm dekouraje: — Vwala, se te yon jij ki te rete nan yon vil. Li pa te gen krentif pou Bondye, ni li pa te gen respè pou pesonn moun. Nan menm vil sa a, te gen yon vèv ki te konn vin kot jij la. Vèv la te toujou ap di li: Rann mwen jistis kont lènmi mwen yo. Pandan lontan jij la te refize fè sa pou li. Men, yon lè li di nan kè l: Se vre, mwen pa pè Bondye, ni mwen pa rete ak moun. Men, fanm sa a ap plede nwi mwen. M'ap rann li jistis, konsa l'a sispann anbete mwen. Jezi di: — Nou tande sa move jij la di! Bon! Eske Bondye pa ta regle zafè pitit li yo, moun li menm li chwazi yo, lè y'ap rele nan pye l lajounen kou lannwit? Eske l'ap pran anpil tan pou l ede yo? M'ap di nou sa: L'ap regle zafè yo vit vit. Men lè Moun Bondye voye nan lachè a retounen, poudi l'ap jwenn moun sou latè ki gen konfyans nan Bondye toujou?
Li Lik 18
Koute Lik 18
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 18:1-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo