Lik 18:1-17

Lik 18:1-17 HAT98

Jezi rakonte yo parabòl sa a pou l te moutre yo nesesite pou yo toujou lapriyè san yo pa janm dekouraje: — Vwala, se te yon jij ki te rete nan yon vil. Li pa te gen krentif pou Bondye, ni li pa te gen respè pou pesonn moun. Nan menm vil sa a, te gen yon vèv ki te konn vin kot jij la. Vèv la te toujou ap di li: Rann mwen jistis kont lènmi mwen yo. Pandan lontan jij la te refize fè sa pou li. Men, yon lè li di nan kè l: Se vre, mwen pa pè Bondye, ni mwen pa rete ak moun. Men, fanm sa a ap plede nwi mwen. M'ap rann li jistis, konsa l'a sispann anbete mwen. Jezi di: — Nou tande sa move jij la di! Bon! Eske Bondye pa ta regle zafè pitit li yo, moun li menm li chwazi yo, lè y'ap rele nan pye l lajounen kou lannwit? Eske l'ap pran anpil tan pou l ede yo? M'ap di nou sa: L'ap regle zafè yo vit vit. Men lè Moun Bondye voye nan lachè a retounen, poudi l'ap jwenn moun sou latè ki gen konfyans nan Bondye toujou? Jezi di parabòl sa a pou moun ki te kwè yo bon devan Bondye epi ki t'ap meprize lòt moun: — Dezòm moute nan tanp lan al lapriyè. Yonn te yon farizyen, lòt la yon pèseptè kontribisyon. Farizyen an kanpe, l' ap lapriyè konsa nan kè li: Mèsi Bondye deske mwen pa vòlò, ni malveyan, ni adiltè tankou lòt moun. Mèsi deske mwen pa tankou pèseptè kontribisyon sa a. Chak senmenn mwen pase de jou ap fè jèn, mwen bay ladim nan tou sa mwen genyen. Pèseptè kontribisyon an menm te rete dèyè, li pat menm gen kouray leve je l nan syèl. Li t'ap bat lestonmak li, li t'ap di: Bondye, gen pitye pou mwen ki fè anpil peche. Lè sa a, Jezi di yo: — M'ap di nou sa, se pa farizyen an non, men se pèseptè kontribisyon an ki tounen lakay li ak padon Bondye. Paske, yon moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, yon moun ki desann tèt li, y'a leve li. Yo te mennen ata tibebe bay Jezi pou l te mete men sou tèt yo. Lè disip yo wè sa, yo t'ap di moun yo pa fè sa. Men, Jezi rele timoun yo vin jwenn li, li di: — Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo vini, paske peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun pa asepte otorite Bondye a tankou yon timoun, li p'ap janm mete pye l nan peyi kote Bondye Wa a.

Video for Lik 18:1-17

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Lik 18:1-17