Jezi di disip li yo: — Ap toujou gen bagay k'ap fèt ki pou fè moun fè peche. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive. Prefere yo ta mare yon pwasenkant nan kou li epi lage li nan fon lanmè. Wi, sa ta pi bon pou li pase pou li ta lakòz yonn nan ti nonsan sa yo tonbe nan peche. Veye kò nou byen. — Si frè ou tonbe nan peche, rale zòrèy li. Si l chanje konpòtman li, padonnen li. Si nan yon sèl jounen an li peche sèt fwa kont ou, si toulesèt fwa yo, li tounen vin jwenn ou pou l di ou: Mwen p'ap fè sa ankò, se pou ou padonnen li. Apòt yo di Jezi: — Fè nou gen plis konfyans non. Jezi di yo: — Si nou te gen konfyans gwosè yon grenn wowoli, nou ta ka di pye mapou sa a: - Dekanpe ou la a, al plante tèt ou nan lanmè -, li ta obeyi nou.
Li Lik 17
Koute Lik 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 17:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo