Lik 16:19-31

Lik 16:19-31 HAT98

— Vwala, se te yon nonm rich. Li te konn biye ak bèl twal koute chè. Chak jou se te gwo banbòch lakay li. Te gen yon pòv yo rele Laza ki te kouche nan papòt nonm rich la. Laza te kouvri ak maleng. Li te byen anvi plen vant li ak bagay ki t'ap sòti tonbe anba tab nonm rich la. Sa ki pi rèd, chen t'ap vin niche maleng li yo tou. — Pòv la vin mouri, zanj yo mennen li bay Abraram. Nonm rich la mouri tou, yo antere li. Pandan l te kote tout mò yo ye a nan mitan soufrans, li voye je l byen lwen li wè Abraram ak Laza ansanm avèk li. — Nonm rich la rele: Abraram papa, gen pitye pou mwen non! Voye Laza tranpe ti bout dwèt li nan yon ti tak dlo pou l mete yon frechè sou lang mwen, paske se pa ti soufri m'ap soufri nan flanm sa a. Abraram reponn li: Pitit mwen, chonje byen: ou te resevwa tout bon bagay pa ou yo pandan ou te sou latè. Lè sa a menm, Laza te nan tout mizè li. Kounyeya, li jwenn konsolasyon bò isit la, ou menm w'ap soufri. Epitou, gen yon gwo twou ki separe nou avè ou, konsa pa gen mwayen pou moun sot isit la pou y'al jwenn ou, osinon pou moun ta sòti kote ou ye a pou vin jwenn nou. — Nonm rich la di li: Tanpri, Abraram papa, voye Laza kay papa mwen. Mwen gen senk frè. Mwen ta vle l'al di yo jan bagay la ye pou yo pa vin isit nan touman sa a. Abraram reponn li: Yo gen Moyiz ak pwofèt yo pou avèti yo, se pou yo koute yo. Li di li: Non, papa Abraram, yo p'ap koute. Men, si yonn nan mò yo al jwenn yo, y'a chanje lavi yo. Lè sa a, Abraram di li: Si yo pa koute Moyiz ak pwofèt yo, yo p'ap kite pèsonn lòt fè yo wè verite a. Li ta mèt yon mò ki ta leve vivan ankò, yo p'ap koute li.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an