Lik 16:1-15

Lik 16:1-15 HAT98

Jezi di disip li yo: — Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon jeran. Yo vin rapòte l jan jeran an ap gaspiye tout byen l yo. Li rele jeran an, li di li: Kisa m tande y'ap di sou ou konsa? Vin fè regleman travay ou avè m, paske mwen p'ap kite byen m yo sou kont ou ankò. Jeran an di nan kè l: Patwon an pral kase m nan djòb sa a. Kisa m pral fè kounyeya? Mwen pa gen fòs pou mal travay latè. Epi se va yon wont pou mal mande charite! Bon, mwen konn sa m pral fè pou lè m pèdi djòb mwen m'a toujou gen moun ki pou resevwa m lakay yo. — Jeran an fè rele tout moun ki te dwe mèt la, li fè yo vini yonn apre lòt. Li di premye a: Konbe ou dwe mèt la? Li reponn: Mwen dwe l san (100) bidon lwil. Mesye di l: Men papye ou la, chita, ekri senkant. Fè vit. Apre sa, li di yon lòt. Ou menm, konbe ou dwe? Li reponn: San sak (100) mayi. Mesye di l: Men papye ou la, ekri katreven. — Nonm rich la fè jeran visye a konpliman dapre li te aji ak ladrès sa a. Paske moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo regle zafè yo pi byen pase moun ki gen limyè a. Jezi di yo ankò: — Nou menm, men sa m'ap di nou: Bat pou nou fè zanmi ak richès ki sou latè. Konsa, lè richès nou va fini, y'a resevwa nou nan kay Bondye ki la pou tout tan an. Moun ki kenbe pawòl li nan tout ti bagay, l'a kenbe l nan gwo bagay tou. Men, moun ki pa serye nan ti bagay, li p'ap serye nan gwo bagay nonplis. Si ou pa sèvi byen ak richès ou gen sou latè, kilès ki va fè ou konfyans pou richès tout bon yo? Si ou pat sèvi byen avèk sa ki te pou lòt moun, ki moun ki va ba ou sa k pou ou a? — Pèsonn pa ka sèvi de mèt byen anmenmtan. Li gen pou li rayi yonn si li renmen lòt la. L'ap sèvi yonn byen, epi l'ap meprize lòt la. Nou pa ka ap sèvi Bondye epi lajan anmemmtan. Farizyen yo t'ap koute tout pawòl sa yo tou. Yo t'ap pase Jezi nan betiz paske yo te renmen lajan. Lè sa a Jezi di yo: — Nou menm, n'ap chache parèt pou pi bon devan moun, men Bondye konnen sa ki nan kè nou. Bagay moun bay plis enpòtans, se yo Bondye pa vle wè.

Video for Lik 16:1-15