Lik 15:11-24

Lik 15:11-24 HAT98

Jezi di ankò: — Vwala, se te yon nonm ki te gen de pitit gason. Pi piti a di papa l: Papa, ban m pa m nan byen nou yo. Lè sa a, papa a separe byen l yo bay tou de. Kèk jou apre, ti gason an ranmase tout afè l, li pati, l'ale nan yon peyi byen lwen. Antan li la, li lage kò l nan banbòch, li gaspiye tout lajan l. Lè mesye fin depanse tout lajan l, yon gwo grangou tonbe sou peyi a. Lè sa a, li vin nan nesesite. L'al mande travay lakay yon abitan nan peyi a. Abitan an voye l nan jaden l al gade kochon. Lè sa a, li ta byen renmen plen vant li ak sa kochon yo t'ap manje a, men pèsonn pat ba li. Se lè sa a atò li pran kalkile sou sitirasyon l. Li di konsa: Gade kantite moun k'ap travay kay papa m pou lajan! Yo jwenn manje depase sa yo ka manje. Epi mwen menm, m'ap mouri grangou isit la. M'ap leve, mwen pral tounen jwenn papa m, m'ap di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou. Mwen pa merite pou konsidere m' pou pitit ou ankò. Konsidere m' tankou yonn nan travayè ou yo. Li leve vre, li pran chemen tounen kay papa li. — Mesye te byen lwen kay la toujou lè papa a wè li. Kè papa a fè l mal, li kouri al rankontre l, li pase men l nan kou pitit la epi li bo li. Pitit la di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou. Mwen pa merite pou ou konsidere m pou pitit ou ankò. Men, papa a di domestik li yo: Ale vit. Pote pi bèl rad la, mete l sou li pou mwen. Mete yon bag nan dwèt li, mete soulye nan pye li. Al chache jenn ti towo nou t'ap angrese a, touye l. Ann fete, ann manje. Paske, pitit gason m sa a te mouri, men li tounen vivan ankò. Li te pèdi, kounyeya mwen jwenn li. Epi, yo konmanse fè fèt.

Video for Lik 15:11-24

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Lik 15:11-24