Jezi di ankò: — Vwala, se te yon nonm ki te gen de pitit gason. Pi piti a di papa l: Papa, ban m pa m nan byen nou yo. Lè sa a, papa a separe byen l yo bay tou de. Kèk jou apre, ti gason an ranmase tout afè l, li pati, l'ale nan yon peyi byen lwen. Antan li la, li lage kò l nan banbòch, li gaspiye tout lajan l. Lè mesye fin depanse tout lajan l, yon gwo grangou tonbe sou peyi a. Lè sa a, li vin nan nesesite. L'al mande travay lakay yon abitan nan peyi a. Abitan an voye l nan jaden l al gade kochon. Lè sa a, li ta byen renmen plen vant li ak sa kochon yo t'ap manje a, men pèsonn pat ba li. Se lè sa a atò li pran kalkile sou sitirasyon l. Li di konsa: Gade kantite moun k'ap travay kay papa m pou lajan! Yo jwenn manje depase sa yo ka manje. Epi mwen menm, m'ap mouri grangou isit la. M'ap leve, mwen pral tounen jwenn papa m, m'ap di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou. Mwen pa merite pou konsidere m' pou pitit ou ankò. Konsidere m' tankou yonn nan travayè ou yo.
Li Lik 15
Koute Lik 15
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 15:11-19
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo