Yon jou saba, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan yo sinagòg la. Te gen yon fanm nan sinagòg la ki te malad. Depi dizwitan li te gen yon move lespri sou li ki te fè l rete kokobe. Li pat kapab kanpe dwat menm. Lè Jezi wè l, li rele l, li di li: — Mafi, ou delivre anba enfimite ou la tande. Jezi lonje men li sou li. Latou, fanm lan kanpe dwat, epi li pran bay Bondye glwa. Men, chèf sinagòg la pat kontan menm paske Jezi te fè gerizon an yon jou repo. Li pran lapawòl, li di foul la: — Nou gen sis jou pou nou travay, vin fè yo geri nou jou sa yo. Pa vini jou repo a. Jezi reponn li: — Ala nou ipokrit! Jou saba a, nou tout nou lage bèf nou ak bourik nou mennen yo al bwè, pa vre? Bon, fanm sa a, moun ras Abraram, ki gen dizwitan depi Satan mare l anba yon maladi, mwen pat dwe delivre l yon jou repo? Repons Jezi te ba yo a te fè tout moun ki pat vle wè l yo wont. Men, tout moun nan foul la te kontan pou tout bèl mèvèy li t'ap fè yo.
Li Lik 13
Koute Lik 13
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 13:10-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo