Li di yo parabòl sa a tou: — Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon tè ki te rapòte l anpil. Li t'ap di nan kè li: Kisa m'ta fè la a? Mwen pa gen kont plas pou m'sere rekòt mwen yo. Apre sa li di: Bon. Men sa m'ap fè. M'ap kraze depo m yo, m'ap bati lòt pi gwo pou m mete tout rekòt mwen yo ak tout lòt byen mwen yo. Apre sa, m'a di tèt mwen: Monchè, depo ou chaje pou plizyè lane ankò. Manyè bay kò ou repo. Chita, manje manje ou, bwè bwè ou, pran plezi ou. Men, Bondye di li: Egare! Aswè a menm yo pral mande ou nanm ou. Tou sa ou te sere yo, pou ki moun y'a ye? Jezi di yo ankò: — Se konsa sa ye tou pou moun k'ap ranmase byen pou tèt pa l men ki pa rich devan Bondye.
Li Lik 12
Koute Lik 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 12:16-21
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo