Lik 12

12
Veye kò nou ak ipokrit yo
(Matye 10.26-27)
1Lè sa a, se pa ti kras moun ki te sanble. #Mat 16.6; Mak 8.15 Te sitèlman gen moun, yonn t'ap pile lòt. Jezi pran di disip li yo:
— Veye kò nou ak ledven farizyen yo, ak ti jan ipokrit yo a. 2Pa #Mat 10.26-33 gen #Lik 8.17 anyen ki kache ki p'ap dekouvri yon lè, nanpwen sekrè ki p'ap devwale. 3Se poutèt sa, tou sa n'a di nan fènwa, y'a tande l gwo lajounen. Tout sa n'a di moun nan zòrèy anndan chanm, y'a mache di l nan tout kalfou.
Moun nou dwe pè
(Matye 10.28-31)
4— Nou menm ki zanmi m, m'ap di nou sa. Nou pa bezwen pè moun ki touye kò men ki pa kapab fè anyen plis pase sa. 5M'ap moutre nou moun pou nou pè a: Se Bondye pou nou pè. Lè Bondye fin touye, li gen pouvwa pou l jete nan lanfè apre sa. Wi, mwen di nou se li menm pou nou pè.
6— Eske ti zwazo pa vann senk pou dis kòb? Men, Bondye pa bliye yon sèl ladan yo. 7Menm #Lik 21.18 cheve nan tèt nou, yo tout konte. Se sa k fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwazo.
Viv Kris la devan tout moun
(Matye 10.32-33; 12.32; 10.19-20)
8— M'ap di nou sa: Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a fè menm bagay la pou li devan zanj Bondye yo. 9Men, #Lik 9.26 moun ki va di devan lèzòm li pa konnen m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a kanpe devan zanj Bondye yo tou m'a di mwen pa konnen l.
10— Tout #Mat 12.32; Mak 3.28,29 moun ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y'a padonnen yo. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a yo p'ap padonnen yo sa.
11— Lè #Lik 21.14,15; Mat 10.19,20 y'a mennen nou pou yo jije nou nan sinagòg, osinon devan chèf ou ankò devan lòt otorite, pa bat tèt nou pou n chache konnen ki jan nou pral fè defans nou, ni kisa pou n di. 12Paske, Sentespri a va moutre nou sa pou nou di lè sa a.
Parabòl nonm rich ki fou a
13Yon moun rete nan mitan foul la, li di Jezi konsa:
— Mèt, di frè m lan pou l separe eritaj papa nou an avèk mwen.
14Jezi #Tra 7.27 reponn li:
— Zanmi mwen, ki moun ki mete m pou jije afè nou osinon pou fè pataj pou nou?
15Apre #1 Tim 6.9,10 sa, li di yo tout:
— Fè atansyon. Veye kò nou pou lajan pa pran tèt nou. Paske, se pa anpil byen ki garanti lavi yon nonm, li te mèt rich kont kò li.
16Li di yo parabòl sa a tou:
— Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon tè ki te rapòte l anpil. 17Li t'ap di nan kè li: Kisa m'ta fè la a? Mwen pa gen kont plas pou m'sere rekòt mwen yo. 18Apre sa li di: Bon. Men sa m'ap fè. M'ap kraze depo m yo, m'ap bati lòt pi gwo pou m mete tout rekòt mwen yo ak tout lòt byen mwen yo. 19Apre sa, m'a di tèt mwen: Monchè, depo ou chaje pou plizyè lane ankò. Manyè bay kò ou repo. Chita, manje manje ou, bwè bwè ou, pran plezi ou. 20Men, #Eb 9.27 Bondye di li: Egare! Aswè a menm yo pral mande ou nanm ou. Tou sa ou te sere yo, pou ki moun y'a ye?
21Jezi #Mat 6.20 di yo ankò:
— Se konsa sa ye tou pou moun k'ap ranmase byen pou tèt pa l men ki pa rich devan Bondye.
Mete konfyans nou nan Bondye
(Matye 6.25-34)
22Apre #Mat 6.25-33 sa, Jezi di disip li yo:
— Se poutèt sa mwen di nou: Pa enkyete nou pou manje nou bezwen pou viv, ni pou rad nou bezwen pou nou mete. 23Lavi pi konsekan pase manje, kò pi konsekan pase rad. 24Gade #Sòm 147.9 kònèy: yo pa plante, yo pa rekòlte. Yo pa gen kolonbye ni galata. Epoutan Bondye pran swen yo. Nou menm, nou vo plis pase zwazo, pa vre? 25Kilès nan nou ki ka mete yon ti longè anplis sou lavi li afòs li fè tèt li travay? 26Si nou pa ka fè bagay ki pi piti a, poukisa pou n'ap bat tèt nou pou lòt bagay yo? 27Gade ki jan flè raje yo pouse: yo pa travay, yo pa fè rad. Men, m'ap di nou sa: Wa Salomon ki wa Salomon, ak tout richès li yo, li pat gen bèl rad tankou yonn nan flè sa yo. 28Se konsa Bondye abiye pye zèb yo tou: jòdi a yo la, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Se sa k fè, se pa nou menm li pa ta abiye. Ala moun manke konfyans nan Bondye!
29— Pa bay kò nou traka pou n toujou ap chache sa pou n manje ak sa pou n bwè. 30Tout bagay sa yo, se moun ki pa konn Bondye yo k'ap trakase kò yo pou yo san rete. Men nou menm, nou gen yon Papa ki konnen nou bezwen bagay sa yo. 31Pito nou chache bay bagay peyi kote Bondye Wa a premye plas nan lavi nou, konsa Bondye va ban nou tou sa nou bezwen.
Richès ki nan syèl la
(Matye 6.19-21)
32— Nou #Lik 22.29; Eza 41.14 pa bezwen pè, nou menm ti gwoup moun pa m' yo! Se tout plezi Papa nou pou li ban nou peyi kote Bondye wa a. 33Vann #Mat 6.20,21 tou #Lik 18.22 sa nou genyen, separe lajan an bay pòv. Chache yon bous ki p'ap chire. Sere lajan nou nan syèl kote li p'ap janm fini. Paske la, vòlò p'ap ka jwenn li, poudbwa p'ap kapab manje li. 34Kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.
Domestik k'ap tann mèt li
35— Se #Mat 24.42-51 pou #Egz 12.11; 1 Pyè 1.13 nou toujou pare ak ponyèt nou tou twouse, lanp nou tou limen, 36tankou #Mat 25.1-13 domestik k'ap tann mèt yo tounen sot nan nòs. Kou l rive, li frape, yo louvri pòt pou li. 37L'ap #Jan 13.4 bon nèt pou domestik sa yo lè mèt la p'ap jwenn yo ap dòmi! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Mèt la va twouse ponyèt li, l'ap fè domestik yo chita sou tab, la vin sèvi yo. 38Wi, l'ap bon nèt pou domestik sa yo, si l jwenn yo p'ap dòmi, kit li tounen vè menwit osinon menm pita toujou. 39Se #1 Tes 5.2 yon bagay nou tout nou dwe konnen: Si mèt kay la te konn kilè vòlò ap vini, li ta veye, li pa ta kite l kase kay la. 40Nou menm tou, se pou n' toujou pare. Paske Moun Bondye voye nan lachè a, li va vini sanzatann!
Bon domestik la ak move domestik la
41Lè sa a Pyè di li:
— Mèt, parabòl sa a, se pou nou menm sèlman osinon pou tout moun ou di li?
42Jezi #2 Tim 2.15 reponn li:
— Ki moun ki ka di li se yon jeran ki fè tout travay li byen, epi ki konn kenbe tèt li anplas? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou tout moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje. 43Se va bèl bagay pou domestik sa a, si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l tounen lakay la. 44Sa #Mat 25.21 m'ap di nou la a, se vre wi: mèt la va mete l reskonsab tout byen l yo. 45Men, si domestik sa a te di nan kè l: Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini. Epi, li tonbe bat lòt sèvitè yo, fi kou gason, li rete ap plede manje, bwè jouk li sou; 46mèt domestik sa a va rive jou l pa t'ap tann, yon lè li p'ap konnen. L'ap rachonnen l anba kou, #12.46: L'ap rachonnen l anba kou: Ou ankò L'ap mete l deyò nan kay la. l'ap aji avè l menm jan yo aji ak moun ki pa fè travay yo.
47— Yon #Jak 4.17 domestik ki konnen sa mèt li vle, men ki pa janm pare epi ki pa fè sa mèt la vle, domestik sa a anba kou. 48Men, yon domestik ki pa konn sa mèt li vle, lèfini k'ap fè bagay ki merite pou yo bat li, y'ap bay domestik sa a de twa kou sèlman. Moun yo bay anpil, y'ap mande l anpil tou. Moun yo mete reskonsab anpil bagay, y'ap egzije plis ankò nan men li.
Divizyon pami lèzòm
(Matye 10.34-36)
49— Mwen vini jete yon dife sou latè. Mwen ta renmen wè dife sa a limen deja! 50Mwen #Mat 20.22; 26.38; Jan 12.27 gen yon batèm pou m resevwa. Men, mwen twouve l pran anpil tan pou l rive. 51Nou #Mat 10.34-36 kwè mwen vin mete lapè sou latè. Mwen di nou: Non, mwen vin mete divizyon. 52Depi kounyeya, yon fanmi ki gen senk moun va divize, twa kont de, de kont twa. 53Papa #Mi 7.6 va leve kont pitit gason, pitit gason va leve kont papa, manman va leve kont pitit fi, pitit fi va leve kont manman, bèlmè va leve kont bèlfi, bèlfi va leve kont bèlmè.
Chache konprann sa ki pral rive
(Matye 16.2-3)
54Jezi #Mat 16.2,3 t'ap di foul moun yo tou:
— Lè nou wè yon nyaj ap leve bò kote solèy kouche a, lamenm nou di: Li pral fe lapli. Epi se sa k rive vre. 55Lè nou wè van an soufle sòti nan sid, nou di: Li pral fè cho. E se sa k rive vre. 56Ipokrit, nou konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase sou tè a ak nan syèl la, poukisa atò nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase kounyeya nan tan sa a?
Chache antann nou ak lènmi nou
(Matye 5.25-26)
57— Poukisa nou pa chache konprann pou tèt pa nou sa nou dwe fè ki dwat? 58Si #Mat 5.25,26 yon moun pote plent lajistis pou ou, si nou tou de nou pral nan tribinal ansanm, pito n chache antann nou pandan nou nan chemen. Si se pa sa, l'ap trennen ou devan jij la, jij la ap lage ou nan men lapolis, lapolis ap mete ou nan prizon. 59M'ap di ou sa: ou p'ap sòti nan prizon an tout tan ou pa peye dènye lajan ou dwe a.

Chwazi Kounye ya:

Lik 12: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an