Anpil moun t'ap vin an kantite bò kote Jezi. Li pran di yo: — Ala move moun se moun alèkile yo! Y'ap mande yon mirak ki pou fè yo wè Bondye dakò ak sa k'ap fèt la. Men, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak Jonas la. Menm jan Jonas te yon avètisman pou moun lavil Niniv yo, se konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a va yon avètisman pou moun alèkile yo. Jou jijman an, larenn peyi ki nan sid la va leve kanpe, l'a fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske, li te sòti byen lwen, jouk nan dènye bout latè, pou l te vin tande pawòl bon konprann wa Salomon yo. Men isit la, gen bagay ki pi konsekan pase wa Salomon. Jou jijman an tou, moun lavil Niniv va leve kanpe y'a fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske yo menm, yo te tounen vin jwenn Bondye, lè Jonas te fè yo konnen mesay la. Men isit la, gen bagay ki pi konsekan pase Jonas.
Li Lik 11
Koute Lik 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 11:29-32
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo