Lik 10:1-24

Lik 10:1-24 HAT98

Apre sa, Senyè a chwazi swasanndis lòt disip. Li voye yo devan l de pa de nan tout lavil ak tout kote li menm li te gen pou l ale. Li di yo: — Rekòt la anpil, men pa gen ase travayè pou ranmase li. Mande mèt jaden an pou l voye travayè nan jaden l lan. Ale: m'ap voye nou tankou ti mouton nan mitan chen mawon. Pa pote ni lajan, ni manje, ni soulye. Pa rete nan di pèsonn bonjou nan chemen an. Lè nou antre nan yon kay, premye bagay pou nou di: Benediksyon pou tout moun ki nan kay la. Si gen yon moun ki ka resevwa benediksyon an, benediksyon an va desann sou li. Si pa genyen, benediksyon an va tounen vin jwenn ou. Rete nan kay sa a. Manje, bwè tou sa y'a ban nou, paske moun ki travay merite pou yo peye l lajan travay li. Pa sòti nan yon kay pou al rete nan yon lòt. Lè nou antre nan yon vil, si yo resevwa nou, manje sa yo ban nou. Geri moun malad ki nan lavil la, di tout moun yo: Gouvènman Bondye a rive toupre nou. Men, lè nou antre nan yon lavil, si yo pa resevwa nou, mache nan tout lari, di yo konsa: Men n'ap souke pousyè lavil nou an ki te kole anba pye nou, nou fini ak nou. Tansèlman, konnen byen: Gouvènman Bondye a te rive toupre nou. M'ap di nou sa: Jou jijman an, y'ap pini lavil sa a pi rèd pase lavil Sodòm. — Malè pou nou, moun lavil Korazen! Malè pou nou tou, moun lavil Betsayda! Paske si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan moun Tir yo ak moun Sidon yo te fèt, gen lontan moun sa yo ta chita plat atè, yo ta mete rad tristès yo sou yo, yo ta kouvri kò yo ak sann pou fè wè yo repanti vin jwenn Bondye. Se poutèt sa, jou jijman an, y'a pini nou pi rèd pase moun lavil Tir ak moun lavil Sidon. Nou menm, moun lavil Kapènawòm: nou ta vle yo leve nou jouk nan syèl la. Enben y'ap bese nou desann jouk anba kote mò yo ye a. Li di disip li yo ankò: — Moun ki koute nou, se mwen menm yo koute. Moun ki repouse nou, se mwen menm yo repouse. Moun ki repouse m, se moun ki voye m lan yo repouse. Swasanndis disip yo tounen ak kè kontan, yo di li: — Mèt, ata move lespri yo soumèt devan nou, lè nou pran non ou pou chase yo. Jezi di yo: — Mwen te wè Satan ap tonbe soti nan syèl la tankou zetwal k'ap file. Koute: Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou, pou anyen pa kapab fè nou mal. Men, nou pa bezwen kontan dapre move lespri yo soumèt devan nou. Fè kè n kontan pito dapre non nou ekri nan syèl la. Lè sa a, Sentespri te fè kè Jezi kontan anpil. Jezi di konsa: — O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mèsi anpil deske ou pran bagay ou te kache nan je gwo save yo ak moun gwo lespri yo, ou devwale yo bay ti piti yo. Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li. Papa m renmèt tout bagay nan men mwen. Pèsonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esèpte Papa a. Pèsonn pa konn kilès moun Papa a ye, esèpte Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li. Apre sa, Jezi vire bò disip li yo, li rele yo apa, li di yo: — Benediksyon pou nou k'ap wè sa n'ap wè a. Paske, m'ap di nou sa: anpil pwofèt ak anpil wa te anvi wè sa n'ap wè la a, men yo pat wè li, yo te anvi tande sa n'ap tande la a, men yo pat tande li.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an