Lik 1:57-80

Lik 1:57-80 HAT98

Lè jou pou Elizabèt akouche a rive, li fè yon pitit gason. Vwazinay ak fanmi l yo vin konnen jan Mèt la te fè Elizabèt yon gwo favè. Yo te kontan pou li. Sou wit jou, yo te vin pou sikonsi pitit la. Yo te vle rele l Zakari, menm non ak papa li. Men, manman l di yo: — Non, se Jan pou l rele. Yo di l konsa: — Men, pa gen pèsonn nan fanmi ou ki rele Jan. Yo fè papa a siy pou mande l ki non li ta vle bay pitit la. Zakari mande yon bagay pou l'ekri, epi li ekri pawòl sa yo: — Se Jan ki non li. Tout moun te sezi. Menm lè a bouch li louvri, lang li lage, li t'ap pale, li t'ap chante pou Bondye byen fò. Tout moun ki te nan vwazinay la te pè. Nouvèl la t'ap mache bouch an bouch nan tout mòn Jide a. Tout moun ki te tande pawòl sa yo t'ap kalkile nan kè yo. Yonn t'ap di lòt: — Kisa pitit sa a pral ye menm? Pouvwa Bondye a te avèk ti pitit la tout bon vre. Zakari, papa Jan, vin anba pouvwa Sentespri. Latou, li pran fè konnen pawòl Bondye te mete nan bouch li: Ann chante pou Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. Paske, li vin sove pèp li a, li delivre yo anba esklavaj. Li voye yon moun avèk gwo pouvwa pou delivre nou. Se nan laras David, sèvitè Bondye a, li sòti. Se sa menm Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan. Li te pwomèt li t'ap delivre nou anba lènmi nou yo, ak anba tout moun ki rayi nou yo. Se konsa l'a gen pitye pou zansèt nou yo. Li chonje kontra li menm Bondye te pase ak yo a. Dapre sèman li te fè bay Abraram, zansèt nou an. Li te di l konsa: Lè la fin delivre nou anba lènmi nou yo, la fè nou sèvi l san nou p'ap bezwen pè. Wi, l'a fè nou viv apa pou Bondye, l'a fè nou mache dwat devan li chak jou nan lavi nou. — Kanta ou menm, pitit mwen, y'a rele ou: Pwofèt Bondye ki anwo nan syèl la. Paske, w'a pran devan Mèt la pou pare chemen an pou li. Ou pral moutre pèp la ki jan l'ap delivre yo, ki jan l'ap padonnen peche yo. Tou sa, paske Bondye nou an gen kè sansib, li renmen nou anpil. L'ap fè yon limyè sòti anwo vin klere nou tankou solèy k'ap leve. Li gen pou l klere tout moun k'ap viv nan fènwa ak nan lonbray lanmò. Li gen pou l fè nou mache nan chemen k'ap ban nou kè poze a. Ti pitit la menm t'ap grandi, lespri l t'ap devlope. Li te rete nan dezè a jouk jou pou l te parèt an piblik devan pèp Izrayèl la.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an