Lè jou pou Elizabèt akouche a rive, li fè yon pitit gason. Vwazinay ak fanmi l yo vin konnen jan Mèt la te fè Elizabèt yon gwo favè. Yo te kontan pou li. Sou wit jou, yo te vin pou sikonsi pitit la. Yo te vle rele l Zakari, menm non ak papa li. Men, manman l di yo: — Non, se Jan pou l rele. Yo di l konsa: — Men, pa gen pèsonn nan fanmi ou ki rele Jan. Yo fè papa a siy pou mande l ki non li ta vle bay pitit la. Zakari mande yon bagay pou l'ekri, epi li ekri pawòl sa yo: — Se Jan ki non li. Tout moun te sezi. Menm lè a bouch li louvri, lang li lage, li t'ap pale, li t'ap chante pou Bondye byen fò. Tout moun ki te nan vwazinay la te pè. Nouvèl la t'ap mache bouch an bouch nan tout mòn Jide a. Tout moun ki te tande pawòl sa yo t'ap kalkile nan kè yo. Yonn t'ap di lòt: — Kisa pitit sa a pral ye menm? Pouvwa Bondye a te avèk ti pitit la tout bon vre.
Li Lik 1
Koute Lik 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 1:57-66
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo