Lik 1:5-17

Lik 1:5-17 HAT98

Nan tan Ewòd te wa nan peyi Jide a, te gen yon prèt yo te rele Zakari. Li te fè pati gwoup prèt Abiya yo. Madanm li te rele Elizabèt: se te yon moun ras Arawon, ansyen granprèt la. Yo tou de te mache dwat devan Bondye, yo t'ap swiv kòmandman Mèt la ansanm ak tout lalwa a san okenn repwòch. Men, yo pat gen pitit paske Elizabèt pat kapab fè pitit. Yo tou de te fin vye granmoun. Yon jou, Zakari te desèvis devan Bondye, paske se te tou pa gwoup pa li a. Dapre koutim sèvis la, yo te fè tirajosò pou chwazi yonn nan prèt yo pou antre nan tanp Mèt la pou ofri lansan an. Twouve se Zakari ki te soti. Tout mas pèp la t'ap lapriyè deyò, antan Zakari menm te anndan ap ofri lansan an. Vwala, yon zanj Bondye parèt devan Zakari. Li te kanpe sou bò dwat lotèl kote yo boule lansan an. Lè Zakari wè l, li sezi. Li te pè anpil. Men zanj lan di li: — Pa pè, Zakari. Bondye te tande lapriyè ou la. Elizabèt, madanm ou, pral ba ou yon pitit gason. Ou va rele l Jan. Ala kontan w'a kontan lè pitit sa a va fèt! Anpil lòt moun va kontan tou lè sa a. Bondye, Mèt la, ap ba li anpil enpòtans. Li p'ap bwè ni diven ni okenn lòt alkòl. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri. L'ap fè anpil moun nan pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Mèt la, Bondye yo a. L'ap mache devan Bondye nan menm lespri ak menm pouvwa pwofèt Eli te genyen an. L'ap fè papa vin byen ankò ak pitit. L'ap fè moun ki rebèl rive gen konprann tankou moun k'ap obeyi Bondye, l'ap pare yon pèp byen dispoze pou resevwa Mèt la.