Nan tan Ewòd te wa nan peyi Jide a, te gen yon prèt yo te rele Zakari. Li te fè pati gwoup prèt Abiya yo. Madanm li te rele Elizabèt: se te yon moun ras Arawon, ansyen granprèt la. Yo tou de te mache dwat devan Bondye, yo t'ap swiv kòmandman Mèt la ansanm ak tout lalwa a san okenn repwòch. Men, yo pat gen pitit paske Elizabèt pat kapab fè pitit. Yo tou de te fin vye granmoun. Yon jou, Zakari te desèvis devan Bondye, paske se te tou pa gwoup pa li a. Dapre koutim sèvis la, yo te fè tirajosò pou chwazi yonn nan prèt yo pou antre nan tanp Mèt la pou ofri lansan an. Twouve se Zakari ki te soti. Tout mas pèp la t'ap lapriyè deyò, antan Zakari menm te anndan ap ofri lansan an.
Li Lik 1
Koute Lik 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 1:5-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo