Sou sizyèm mwa gwosès Elizabèt, Bondye voye zanj Gabriyèl zòn Galile nan vil Nazarèt. Bondye te voye l kay yon jennfi ki te fyanse ak yon nonm yo rele Jozèf. Jozèf sa a, se te moun ras David. Yo te rele jennfi a Mari. Zanj lan antre lakay Mari, li di li: — Bonjou, Mari, ou menm ki resevwa anpil favè. Mèt la avèk ou. Lè Mari tande pawòl sa yo, tèt li te boulvèse, li t'ap mande nan kè l kisa bonjou sa a te vle di. Men, zanj lan di li: — Pa pè, Mari. Ou jwenn favè nan men Bondye. Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. W'a rele l Jezi. Y'ap ba li anpil konsiderasyon, y'a rele li Pitit Bondye ki nan syèl la. Mèt la, Bondye nou an, va fè li wa tankou David, granpapa li. L'a gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l lan p'ap janm fini.
Li Lik 1
Koute Lik 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 1:26-33
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo