Zakari di zanj lan konsa: — Ki jan pou m fè kwè sa w'ap di m la a se vre? Ala mwen fin vye, madanm mwen fin vye granmoun tou. Zanj lan reponn li: — Mwen se Gabriyèl ki toujou kanpe nan sèvis devan Bondye. Se Bondye menm ki voye m pale avè ou, pou m pote bòn nouvèl sa a ba ou. Men, paske ou pa kwè sa m' di a, ou pral bèbè, ou p'ap ka pale jouk bagay sa yo rive. Tout tan sa a, pèp la menm t'ap tann Zakari. Yo te sezi wè jan l te mize nan tanp lan. Men, lè Zakari sòti, li pat kapab pale avèk yo. Lè sa a yo vin konprann li te gen yon vizyon nan tanp lan. Li t'ap fè yo yon bann siy ak men l, men li pat kapab pale. Lè tan sèvis li fini, Zakari tounen lakay li.
Li Lik 1
Koute Lik 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 1:18-23
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo