Lik 1:13-38

Lik 1:13-38 HAT98

Men zanj lan di li: — Pa pè, Zakari. Bondye te tande lapriyè ou la. Elizabèt, madanm ou, pral ba ou yon pitit gason. Ou va rele l Jan. Ala kontan w'a kontan lè pitit sa a va fèt! Anpil lòt moun va kontan tou lè sa a. Bondye, Mèt la, ap ba li anpil enpòtans. Li p'ap bwè ni diven ni okenn lòt alkòl. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri. L'ap fè anpil moun nan pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Mèt la, Bondye yo a. L'ap mache devan Bondye nan menm lespri ak menm pouvwa pwofèt Eli te genyen an. L'ap fè papa vin byen ankò ak pitit. L'ap fè moun ki rebèl rive gen konprann tankou moun k'ap obeyi Bondye, l'ap pare yon pèp byen dispoze pou resevwa Mèt la. Zakari di zanj lan konsa: — Ki jan pou m fè kwè sa w'ap di m la a se vre? Ala mwen fin vye, madanm mwen fin vye granmoun tou. Zanj lan reponn li: — Mwen se Gabriyèl ki toujou kanpe nan sèvis devan Bondye. Se Bondye menm ki voye m pale avè ou, pou m pote bòn nouvèl sa a ba ou. Men, paske ou pa kwè sa m' di a, ou pral bèbè, ou p'ap ka pale jouk bagay sa yo rive. Tout tan sa a, pèp la menm t'ap tann Zakari. Yo te sezi wè jan l te mize nan tanp lan. Men, lè Zakari sòti, li pat kapab pale avèk yo. Lè sa a yo vin konprann li te gen yon vizyon nan tanp lan. Li t'ap fè yo yon bann siy ak men l, men li pat kapab pale. Lè tan sèvis li fini, Zakari tounen lakay li. Kèk tan apre sa, Elizabèt, madanm li, vin ansent. Li fè senk mwa kache lakay. Li t'ap di: — Gade sa Mèt la fè pou mwen non! Se kounyeya sa fè l plezi pou l wete dezonè m devan lèzòm. Sou sizyèm mwa gwosès Elizabèt, Bondye voye zanj Gabriyèl zòn Galile nan vil Nazarèt. Bondye te voye l kay yon jennfi ki te fyanse ak yon nonm yo rele Jozèf. Jozèf sa a, se te moun ras David. Yo te rele jennfi a Mari. Zanj lan antre lakay Mari, li di li: — Bonjou, Mari, ou menm ki resevwa anpil favè. Mèt la avèk ou. Lè Mari tande pawòl sa yo, tèt li te boulvèse, li t'ap mande nan kè l kisa bonjou sa a te vle di. Men, zanj lan di li: — Pa pè, Mari. Ou jwenn favè nan men Bondye. Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. W'a rele l Jezi. Y'ap ba li anpil konsiderasyon, y'a rele li Pitit Bondye ki nan syèl la. Mèt la, Bondye nou an, va fè li wa tankou David, granpapa li. L'a gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l lan p'ap janm fini. Mari di zanj lan konsa: — Ki jan sa pral fè rive? Ala mwen poko janm konn gason! Zanj lan reponn li: — Sentespri a pral vin sou ou. Pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbray. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l Pitit Bondye. Ou konnen Elizabèt, fanmi ou lan? Atout li fin vye a, men l ansent yon pitit gason. Yo te di l pat kapab fè pitit, men li deja sou sis mwa gwosès. Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè. Mari di li: — Men mwen, se sèvant Mèt la mwen ye. Mwen swate pou sa rive m jan ou di a. Epi zanj lan kite li.

Video for Lik 1:13-38