Vwala, yon zanj Bondye parèt devan Zakari. Li te kanpe sou bò dwat lotèl kote yo boule lansan an. Lè Zakari wè l, li sezi. Li te pè anpil. Men zanj lan di li: — Pa pè, Zakari. Bondye te tande lapriyè ou la. Elizabèt, madanm ou, pral ba ou yon pitit gason. Ou va rele l Jan. Ala kontan w'a kontan lè pitit sa a va fèt! Anpil lòt moun va kontan tou lè sa a. Bondye, Mèt la, ap ba li anpil enpòtans. Li p'ap bwè ni diven ni okenn lòt alkòl. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri. L'ap fè anpil moun nan pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Mèt la, Bondye yo a. L'ap mache devan Bondye nan menm lespri ak menm pouvwa pwofèt Eli te genyen an. L'ap fè papa vin byen ankò ak pitit. L'ap fè moun ki rebèl rive gen konprann tankou moun k'ap obeyi Bondye, l'ap pare yon pèp byen dispoze pou resevwa Mèt la.
Li Lik 1
Koute Lik 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 1:11-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo